Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Carlos A. Gimenez leve kouvrefe a lendi, ouvri plaj yo mèkredi

MIAMI ( Jen 08, 2020 )

Jodi a Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te anonse ke li pral leve kouvrefe a nan tout konte a apati lendi 8 jen 2020.

Anplis de sa, plaj yo pral otorize louvri mèkredi 10 jen. Avi byen bonè sa a bay minisipalite bò lanmè yo tan pou prepare pou relouvri espas sa yo.

Kòm tout reouvèti apre fèmti ki te fèt akòz COVID-19 la, plaj yo dwe swiv règleman ki nan Gid Nouvo Nòmal Konte a. Pou li règleman sa yo, klike isit la.