Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Deklarasyon Majistra Carlos A. Gimenez sou enpòtans pou mete mask ak distansyasyon sosyal

MIAMI ( Jen 22, 2020 )

Mwen kontan wè vil Konte Miami-Dade yo ap pran seryezman règleman Nouvo Nòmal yo ki egzije mask, distansyasyon sosyal ak anpil lòt pwotokòl pou biznis, pak, plaj ak marina pou yo rete ouvè.

Mwen te kondwi nan Miami ak Miami Beach fen semèn sa a epi mwen te jwenn anpil moun deyò ki twò pre ansanm e ki pat mete mask.

Dekrè egzekitif 20-20, ki mwen te siyen 9 avril a mande pou toujou mete mask andedan etablisman biznis ak deyò lè moun pa ka pratike distansyasyon sosyal pou rete omwen a 6 pye distans.

Mete mask deyò nan vil ki konjesyone tankou Miami, North Miami Beach, Aventura, Hialeah ak Miami Gardens se yon bon lide. Mwen bat bravo pou majistra vil sa yo ki egzije sa.

Mwen va rankontre ak ekspè medikal Konte a demen pou diskite si itilizasyon mask nesesè nan zòn mwen konjesyone Konte a ki pa enkòpore yo.

Mwen va repete ke respekte regleman yo se kle. Anyen nan tou sa pa vle di anyen si règleman Nouvo Nòmal yo pa respekte nan 34 minisipalite Konte a.

Konte Miami-Dade ap kontinye kòlte ak vyolatè yo pou asire ke mask ak règleman distansyasyon sosyal yo respekte pou pwoteje rezidan nou yo kont pwopagasyon COVID-19 la. Lapolis Konte Miami-Dade ap kontinye fòs pou tcheke biznis, pak, plaj ak Marina yo, nan zòn ki pa enkòpore ak nan vil ki pa fè respekte dekrè Konte a.