Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez ki repete enpòtans mete mask ak distans sosyal

Vil yo ka gen règleman ki pi sevè epi yo ka ranfòse règleman sa yo pou yo sispann pwopagasyon COVID-19 la

MIAMI ( Jen 23, 2020 )

Jodi a, mwen te gen yon reyinyon vityèl ak ekspè sante piblik ak doktè nan Depatman Sante Florid, Jackson Health System, U-Health ak lekòl medsin Inivèsite Entènasyonal ak Inivèsite Miami.

Nou te diskite pou kontinye ranfòsman règleman Nouvo Nòmal la ak enpòtans pou minisipalite yo ranfòse règleman sa yo nan jiridiksyon yo pou sispann pwopagasyon COVID-19 la. Nan moman sa a, Konte an ap kontinye ranfòse Dekrè Egzekitif 20-20 an, ke mwen te siyen 9 avril, ak Regleman Nouvo Nòmal a ki mande tout moun mete mask lè yo andedan etablisman piblik, menm jan tou lè yo deyò si yo pa ka pratike distans sosyal omwen sis pye.

Kòm toujou, vil yo ka gen règleman pi sevè. Chak vil ta dwe kite rezidan yo konnen règleman yo si yo prale pi lwen pase egzijans "Nouvo Nòmal" Konte a.

Malerezman, sanble gen kèk konfizyon sou dekrè sou mask ki deja egziste nan konte a, ki ase sevè. Se sèlman moun ki gen pwoblèm respiratwa oswa moun ki fè kèk aktivite difisil ki egzante nan kondisyon mask la, ak timoun ki poko gen laj 2 ane, jan Sant pou Kontwòl Maladi rekòmande. Tout lòt moun dwe mete yon mask si yo pa ka rete omwen sis pye distans lòt moun pandan yo deyò epi toujou lè yo andedan yon etablisman piblik oswa lè yo ap vizite zanmi oswa manm fanmi ki pa rete ak yo.

Mwen ap repete ke fè respekte règ yo se kle. Vil ki ap egzije mask an tout lè moun deyò dwe ogmante ranfòsman yo epi fèmen estrikti ki pa swiv règleman sa yo pou sove lavi. Mwen te diskite sa ak Lig Vil yo jodi a.

Depatman Lapolis Konte Miami-Dade (MDPD) kontinye ap tcheke avèk fòs biznis, pak, plaj ak Marinas yo, nan zòn ki pa enkòpore yo ak nan vil ki pa ranfòse dekrè Konte a.

Lendi, MDPD te tcheke 7,011 biznis, yo jwenn 17 ki pa konfòm pou vyolasyon minè epi yo bay lòd pou senk biznis fèmen.

Konte a jwenn bon jan konfòmite nan zòn ki pa enkòpore yo, men mwen toujou gen enkyetid sou ranfòsman nan kèk vil. MDPD ap kontinye siveye vyolasyon biznis yo nan tout minisipalite yo.

Pawòl sevè pap fè viris la pè. Se sèlman ranfòsman sevè – pou asire ke tout moun swiv règleman yo – ki va fè yon diferans epi yo sispann pwopagasyon an.