Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade, Carlos A. Gimenez, sou kèk sant fòmasyon espòtif ki pa respekte règleman Nouvo Nòmal yo

Yo dwe swiv Dekrè 21-20 an epi swiv règleman Nouvo Nòmal sou limit kapasite, distans sosyal ak itilizasyon mask

MIAMI ( Jen 25, 2020 )

Konte Miami-Dade te jwenn kèk sant fòmasyon kominote espòtif ak etablisman menm jan an ki ap fonksyone apre lè epi yo pa respekte règleman ki etabli nan Gid Nouvo Nòmal Konte a.

Mwen vle repete ke tout etablisman sa yo, keseswa piblik oswa prive, yo dwe respekte Dekrè 21-20 an epi opere ant 7 a.m. e 8 p.m.

Anba règleman Nouvo Nòmal ki dwe ralanti pwopagasyon COVID-19 la, yo pa pèmèt okenn jwèt espòtif. Etablisman an deyò oswa andedan kay, ka fè fòmasyon espòtif, tankou pratik konpetans ak egzèsis nan moman sa a, anba règleman Nouvo Nòmal la ki egzije distans sosyal ak itilizasyon mask lè yo pap fè aktivite difisil. Yo dwe swiv limit kapasite yo tou.

Etablisman sa yo ki vyole règleman yo pa otorize louvri epi pwopriyetè yo sijè a yon deli dezyèm degre ki pote yon amann jiska $500 ak 180 jou prizon. Etablisman yo pa ka relouvri jiskaske yo ateste nan yon Deklarasyon sou Sèman ke yo te pran tout mezi nesesè epi yo ap konfòme yo anba Dekrè 23-20 an.

Sante ak sekirite kominote nou an se preyokipasyon esansyèl nou, epi tout moun dwe fè pati pa yo a pou asire ke biznis yo, ki gen ladan sant fòmasyon espòtif, ka rete ouvè.

Gade Gid Nouvo Nòmal la isit la.

Jwenn tout Dekrè Egzekitif yo isit la.