Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Deklarasyon Majistra Carlos A. Gimenez nan Konte Miami-Dade konsènan festivite 4 jiyè

Majistra Gimenez ap siyen yon dekrèegzekitif pou fèmen tout plaj Konte a apati 3 jiyè epi mete restriksyon sou rasanbleman, parad plis pase 50 moun; gade espektak fedatifis limite

MIAMI ( Jen 26, 2020 )

Apre mwen fin konsilte avèk ekspè sante piblik Konte nou an, mwen pral siyen yon dekrè egzekitif samdi pou fèmen tout plaj nan Konte Miami-Dade apati vandredi 3 jiyè jiska madi 7 jiyè. Fèmti a ka pwolonje si kondisyon yo pa amelyore ak moun ki pa swiv nrègleman Nouvo Nòmal ki egzije mask pou toujou mete anndan etablisman komèsyal yo ak deyò lè distans sosyal omwen 6 pye pa posib.

Kòm nou kontinye wè plis rezilta tès pozitif COVID-19 pami jenn adilt yo ak ogmantasyon ospitalizasyon, mwen te deside ke sèl bagay ki pridan pou kalme ogmantasyon resan an se kòlte ak aktivite lwazi ki mete kominote nou yo nan pi gwo risk.

Mwen te wè twòp biznis ak moun ki inyore règleman pou sove lavi sa yo. Si moun yo pap responsab ak pwoteje tèt yo ak lòt moun devan pandemi sa a, alò, se gouvènman an oblije antre nan sa ak restore bon sans pou sove lavi.

Pandan nou ap swiv rekòmandasyon Sant pou Kontwòl Maladi, dekrè mwen an ap entèdi tou tout rasanbleman - ki gen ladan parad - plis pase 50 moun nan tout Konte a pou kèlkeswa rezon an soti nan 3 rive 7 jiyè . Nan sitiyasyon sa yo, mask ak distans sosyal yo obligasyon epi yo va otorize senk gwoup ki pa gen plis pase 10 moun.

Tout pak ak plaj yo ap fèmen pou piblik la nan tout vil ak zòn ki pa enkòpore nan Konte a pou gade fedatifis piblik. Yo ka wè prezantasyon fedatifis yo apati de lakay oswa machin ki estasyone.

Depatman Polis Konte Miami-Dade ap kontinye soti an fòs nan fen semèn sa a pou fèmen etablisman ki pa respekte règleman distans sosyal ak mask ak limit kapasite yo. Vyolatè yo ap fè fas a yon penalite dezyèm degre kriminèl jiska $500 ak 180 jou prizon.

Nou ap fòme tou ekip SURGE (Strategic Urban Response to Guideline Education) fen semèn sa a pou al rankontre rezidan yo nan zò. cho viris la ak ba yo enfòmasyon sou tès, mask ak dezenfektan pou men.

Apre tout siksè pou nou te desann firè COVID-19 la, nou pa ka tounen epi chaje lopital nou yo, mete doktè nou yo ak enfimyè nan pi gwo risk avèk plis ka nan sal dijans.

Tout moun dwe fè pati pa yo a epi swiv règleman yo. Tout vil ta dwe ranfòse ranfòse Konte an.

Nouvo dekrè sa a pral vize moun ki pi irèsponsab e ki mete an danje sante kominote nou an ak rekiperasyon ekonomik nou an.