Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez sou ekspansyon dekrè mask obligatwa

Kounye a yo pral egzije kouvèti vizaj nan tout espas piblik andedan ak deyò.

MIAMI ( Jiyè 01, 2020 )

Aprè yon konsiltasyon avèk alatèt nan lopital Sid Florid yo ak Sekretè Ajans Florid pou Administrasyon Swen Sante Mary Mayhew apremidi a, mwen te deside pran yon dekrè egzekitif ki egzije mask nan tout espas piblik andedan ak deyò nan tout Konte Miami-Dade.

Mwen te pale tou ak ofisyèl Broward County yo, pou asire nou pran yon apwòch rejyonal pou diminye kantite ka COVID-19 ki ap monte yo epi evite fòse kapasite kèk ti lopital pou gen ase anplwaye si twòp ka ta anvayi sistèm swen sante nan rejyon an. Apre nou fin pale ak Administratè Broward County a, Bertha Henry, nou te dakò ke yon dekrè sou kouvèti vizaj nesesè nan moman sa a.

Pami lidè lopital ki te nan reyinyon vityèl la te gen alatèt Jackson Health, U-Health, Mount Sinai, Baptist, HCA ak sistèm santeTenet. Epitou ofisyèl lopital nan Broward ak rejyon Palm Beach te patisipe nan apèl la.

Mwen pral siyen dekrè egzekitif la pita aswè a. Li pral kontinye egzije mask andedan nan espas piblik yo, tankou bilding biwo, magazen ak tout biznis, jan Dekrè 20-20 egzije sa, ke mwen te siyen nan dat 9 avril. Amannman dekrè sa a ke mwen planifye siyen ap elaji itilizasyon mask deyò, ki te obligatwa lè distans sosyal sis pye pat posib. Amannman an pral kounye a egzije toujou itilize mask deyò avèk kèk eksepsyon. Esklizyon pou itilizasyon mask yo aplike sèlman pou moun ki gen pwoblèm respiratwa ki rann li difisil pou kouvri bouch yo ak nen yo, moun ki ap fè aktivite difisil, tankou djògin, ak timoun ki poko gen 2 ane, jan Sant pou Kontwòl Maladi rekòmande.

Kèk vil deja egzije kouvreli vizaj deyò. Malgre ke mask pat obligatwa nan zòn ki pa enkòpore nan Konte a paske gen plis espas ouvè, mwen te pran desizyon pou m mande kounye a kouvèti vizaj nan tou konte a nan yon efò pou ede lopital nou yo fonksyone avèk ase pèsonèl pou pran swen tout pasyan yo.

Jiskaske Konte a etabli amann sivil ki gen rapò ak dekrè sa a, penalite aktyèl yo pou vyolasyon yon dekrè rete an vigè: jiska $500 ak/oswa jiska 180 jou prizon.

Mwen vle repete yon lòt fwa ankò ke si tout moun swiv règleman Nouvo Nòmal distans sosyal ki gen omwen sis pye, mete kouvèti vizaj (ki fèt lakay) epi rete pi an sekirite lakay, sof si yo dwe ale nan travay oswa nan yon magazen, nou ka relouvri ekonomi nou an. Si moun kontinye vyole règleman yo, nou pral fòse fèmen biznis ki pa esansyèl ak tout lòt aktivite ke nou te kòmanse louvri nan mwa me a.

Tanpri, swiv règleman yo. Fè sa pou fanmi w, zanmi w, kominote w - si se pa pou tèt ou. Pandemi sa a pa gen okenn fwontyè, li pa gen limit laj. Li atake moun ki pi jèn ki al ateri lopital.

Pandan fèt 4 jiyè sa a, depatman polis nou an ap kontinye pou respekte Règleman Nouvo Nòmal la epi y ap fèmen biznis ki pa konfòme yo. Sa se yon sitiyasyon lavi ak lanmò. Tout moun dwe pran sa oserye.