Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Mizajou sou deklarasyon Majistra a konsènan fèmti adisyonèl an repons a monte COVID-19 la

MIAMI ( Jiyè 06, 2020 )

Aprè diskisyon avèk ekspè medikal nou yo, manm Lig Vil Miami-Dade yo, ak gwoup endistri restoran, mwen detèmine ke pwochen dekrè egzekitif mwen an va pèmèt moun manje deyò, kote sa posib, pou kontinye, avèk restriksyon ki gen ladan yo. tab ki pa gen plis pase kat kliyan, distans apwopriye, ak mizik nan yon nivo ki pa egzije moun rele byen fò lè yo ap pale, pou anpeche yo simaye ti gout saliv ki ka danjere.

Pandan mwen ap kontinye evalye kondisyon yo nan Konte Miami-Dade, mwen pral chache opinyon gwoup byennèt nou yo tou, epi mwen pral fè modifikasyon kòmsadwa ki pral mete mwens presyon ekonomik posib sou biznis lokal nou yo, pandan nou ap kenbe sante ak byennèt tout moun nan kominote nou an kòm premye priyorite.