Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez siyen amannman ki fèmen sal bankè epi ki mete restriksyon pi sere sèvis pou chita manje, jimnaz, lwaye a kout tèm yo

MIAMI ( Jiyè 07, 2020 )

Madi, 7 jiyè 2020, Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen yon amannman a Dekrè Egzekitif 26-20 an pou fèmen sal bankè ak bal, pandan li mete plis restriksyon sou sèvis pou chita manje, itilizasyon jimnazyòm, ak lwaye a kout tèm yo. Amannman sa a va antre anvigè a 12:01 a.m. jedi 9 jiyè 2020.

Tout sal bankè ak sal bal yo dwe fèmen, menmsi se biznis endepandan oswa sa yo ke otèl oswa lòt etablisman ap opere.

Moun dwe mete mask oswa kouvèti vizaj lè yo andedan jimnazyòm ak sant egzèsis fizik.

Manje nan restoran ak kafeterya limite a sèlman sèvis deyò ant 6 a.m. ak 10 p.m. chak jou. Etablisman sa yo ka fè kwizin yo fonksyone ant 10 p.m.ak 6 a.m nan demen maten, sèlman pou bay livrezon, sèvis pla a anpòte, sèvis an sal.

Lwaye pou vakans lajounen ak lannwit a kout tèm kounye a etabli a yon maksimòm 2 moun pou chak chanm plis de moun anplis pou chak pwopriyete san depase yon maksimòm 10 moun. Nouvo kontra lwaye a kout tèm kapab fèt sèlman sou yon baz chak mwa.   

Li amannman konplè a isit la.