Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Majistra Carlos A. Gimenez pwolonje Sèvis Dijans Manje Tanporè pou granmoun aje Konte Miami-Dade yo

Depatman Aksyon Kominotè ak Sèvis Sosyal ap kontinye ede granmoun aje ki enskri kounye a nan pwogram lan pou asire yo ka rete pi an sekirite lakay yo epi pou yo resevwa manje jiskaske pwopagasyon COVID-19 la bese

MIAMI ( Jiyè 13, 2020 )

Daprè ogmantasyon pousantaj ka pozitif COVID-19 ak ospitalizasyon yo, Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te anonse lendi ke li pwolonje pwogram manje pou granmoun aje yo pou30 jou.

Nan dat 16 mas 2020, Konte Miami-Dade te lanse yon pwogram manje dijans tanporè pou granmoun aje nan yon efò pou ede rezidan granmoun aje rete pi an sekirite lakay yo epi pwoteje gwoup ki pi frajil sa a kont pandemi COVID-19 la epi yo te sèvi plis pase 8,000,000 repa depi kreyasyon pwogram lan. Mwa pase a, Majistra Gimenez te anonse pwogram dijans lan ta kòmanse desann. Nan moman anons tranzisyon pwogram manje Konte a, ki te ap fini nan semèn sa a, to enfeksyon viris la te bese nan alantou 5 pousan e biznis yo te ap relouvri anba Règleman Nouvo Nòmal yo.

Majistra Gimenez te di: "Jodi a to pozitivite nou plis pase 20 pousan, nou wè pwopogasyon viris la nan kominote a epi ospitalizasyon nou yo ap monte. Pou rezon sa yo li enpòtan ke nou pwolonje pwogram lan pou 30 jou pou nou ka pwoteje popilasyon ki pi vilnerab nou yo, granmoun aje nou yo, moun ki ta dwe fè tout efò pou rete pi an sekirite lakay."

Avèk plis pase 70,000 granmoun aje ki toujou enskri, yon diminisyon 17% pa rapò ak lè li te pi wo nan mwa me a, Depatman Aksyon Kominotè ak Sèvis Sosyal ap kontinye kowòdinasyon li avèk patnè lokal yo ak eta a pou asire ke founisè leta finase ak plan swen sante yo ap sèvi rezidan ki enskri yo, elimine repetisyon sèvis posib ak devlope estrateji inovatè altènatif pou satisfè bezwen popilasyon sa a.

Majistra Gimenez te di: "Pa gen moun ki nan pwogram Konte a jodi a ki ap rete san manje. Nou pran angajman pou asire ke granmoun nou yo rete an sekirite. Nou va reevalye bezwen pou kontinye pwogram Konte a nan fòm aktyèl li nan mitan mwa out la jan endikatè sante piblik yo jistijye sa. "

"Pi vit moun nan kominote nou an swiv règleman yo, mete yon mask andedan ak deyò, pratike distans sosyal ak rete lakay otan ke posib, nou ka bese pwopagasyon COVID-19 la ak sove lavi."