Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Efektif imedyatman, nenpòt moun ki nan Konte Miami-Dade ki pa swiv règleman Nouvo Nòmal a ap fè fas a yon ofans sivil, ke yo pini ak yon amann $100

Pou bese pwopagasyon COVID-19 la, nouvo òdonans bay MDPD ak Fòsdelòd otorite pou bay sitasyon sivil a moun ki pa konfòme yo avèk dekrè egzekitif yo, tankou règleman Nouvo Nòmal a

MIAMI ( Jiyè 16, 2020 )

Jedi 16 jiyè 2020, Konsèy Komisyonè Konte Miami-Dade apwouve alinanimite yon òdonans Komisyonè Distri 4 Sally Heyman patwone ki fè tout non konfòmite a dekrè egzekitif yo yon ofans sivil, sijè a yon amann $100.

Antre an anvigè kou yo te te adopte l nan Jedi 16 jiyè 2020 an, nouvo òdonans sa a pral sèvi pou pèmèt Konte a fè aplike Règleman Nouvo Nòmal a, ki gen ladan pou mete yon mask andedan ak deyò espas piblik, ak kenbe bonjan distans sosyal.

"Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te di: " Òdonans sa a bay Konte nou an yon nouvo apwòch a de nivo pou asire ke tout moun suiv Règleman Nouvo Nòmal a pou nou kapab bese COVID-19 la.” Pa suiv Règleman Nouvo Nòmal a, te toujou yon ofans kriminèl kote Depatman Polis Miami-Dade kapab bay sou ofansè yo sitasyon nan etablisman komèsyal yo. Yo ka akize vyolatè yo de yon deli kriminèl dezyèm degre ki pote amann jiska $500 ak 180 jou prizon. Avèk nouvo òdonans sa a, moun sijè a sitasyon kounye a. Nenpòt moun ki pa konfòme li avèk Règleman Nouvo Nòmal a kapab resevwa sitasyon kounye a nan men MDPD oswa Fòsdelòd Miami-Dade, ki gen otorite pou bay tikè ak amann jiska $100. Moun ki paka peye amann lan ap sijè a sèvis kominotè. Biznis kote vyolasyon fèt la ap fè fas a yon amann sivil $500.

Majistra Gimenez te di: "Pandan plizyè mwa, mwen te ensiste sou ki jan mask, distans sosyal ak lòt direktiv CDC ak ekspè medikal lokal nou yo rekòmande ka diminye transmisyon COVID-19 la, MDPD te gen jiridiksyon pou fè aplike dekrè sa yo nan biznis yo, men twòp moun te aji tankou règleman Nouvo Nòmal yo pat aplike a yo menm, sa ki te lakòz yon gwo vag enfeksyon. Nouvo òdonans sa a bay Fòsdelòd pouvwa pou mete ansanm ak MDPD pou asire ke chak suiv dekrè egzekitif Konte nou an ki ka sove lavi. "