Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

De (2) sit tès COVID-19 gouvènman federal la finanse va louvri vandredi 24 jiyè nan Konte Miami-Dade

MIAMI ( Jiyè 22, 2020 )

Jodi a, Divizyon Jesyon Dijans Florid anonse de (2) sit tès COVID-19 gouvènman federal la finanse va louvri nan Sid Florid. De (2) sit tès pou moun ki nan machin sa yo va louvri vandredi 24 jiyè a 8 a.m. epi yo va fèmen nan Dimanch 2 out a 6 p.m.

Lokal sit tès pou moun nan machin yo se:

  • Miami Jackson High School
    1751 NW 36th Street
    Miami, Florida 33142

  • Miami-Dade Auditorium
    2901 W. Flagler Street Miami,
    Florida 33135

Sit sa yo va louvri depi 8 a.m. jiska 6 p.m. chak jou epi yo pral teste moun ki gen 5 lane ak pi gran, kèlkeswa sentòm yo. Tès la gratis nan tout sit yo, avèk ou san asirans. De (2) sit sa yo gouvènman federal la finanse ofri randevou avèk enskripsyon sou entènèt. Klike la a pou yon randevou.

Randevou ak enskripsyon sou entènèt yo rekòmande pou tout lokal tès gouvènman federal la finanse.

Yo va bay moun yo enfòmasyon sou kijan pou yo resevwa rezilta lè yo fin fè tès la. Tès yo disponib pou tout rezidan Florid, kèlkeswa konte yo ap viv la. Pou nouvèl ki pi resan sou sitiyasyon nan Konte Miami-Dade, ale nan miamidade.gov/coronavirus.