Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez siyen dekrè Egzekitif pou louvri sal a manje andedan restoran ak kazino, avèk kapasite limite

Bonjan respè Gid Nouvo Nòmal la ap kontinye, gen ladan distans sosyal ak itilizasyon mask lè w pap manje oswa bwè

MIAMI ( Dawout 28, 2020 )

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen Dekrè Egzekitif 28-20 vandredi 28 out 2020 pou pèmèt manje andedan, avèk kapasite limite. Anplis de sa, dekrè egzekitif sa a pèmèt p kazino relouvèti, avèk kapasite limite. Dekrè sa a ap anvigè lendi 31 out 2020.

Dekrè sa a anile epi ranplase dekrè egzekitif 23, 24 ak 26, ansanm ak tout amannman yo.

Restoran yo va otorize ofri manje andedan andedan apati lendi 31 out a 50 pousan kapasite, ak yon maksimòm  sis moun sou yon tab, ak bonjan respè Gid Nouvo Nòmal la  distans sosyal ak itilizasyon mask lè yo pap manje oswa bwè. Enstalasyon restoran oblije fèsistèm HVAC yo ak vantilatè yo mache pandan gen moun nan etablisman an. Anplis de sa, pòt yo ak fenèt yo dwe ouvè pou maksimize sikilasyon lè fre.

Anba dekrè 28-20 an kazino yo pa nan lis biznis ki pa esansyèl ki dwe rete fèmen ankò. Se pou sa, kazino yo va otorize relouvri lendi 31 out, ak kapasite limite dapre Gid Nouvo Nòmal yo te swiv deja, men avèk restriksyon pou konsomasyon manje ak bwason sèlman fèt nan zòn ki deziyen pou manje. Sou tab ak machin jwèt yo, pral gen bonjan entèdiksyon pou manje ak bwason.

Reouvèti limite sal a manje restoran ak kazino yo te fèt an konsiltasyon avèk ekspè sante piblik Konte Miami-Dade yo, ak direktiv nouvo, pi sevè pou maksimize sekirite kliyan ak anplwaye yo.

Anplis de sa, rapò sou lopital yo ap redwi a yon fwa pa jou, dapre Amannman 4 Dekrè Egzekitif 18-20.