Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade la, Carlos A. Gimenez, ak ekspè medikal yo ap travay sou detay Faz 2 plan reouvèti Eta a

Dekrè Gouvènè Ron DeSantis la pèmèt Miami-Dade relouvri sèten etablisman amizman

MIAMI ( Septanm 11, 2020 )

Vandredi 11 septanm 2020, Gouvènè Ron DeSantis te fè yon konferans pou laprès nan Mize Syans Phillip ak Patricia Frost nan Konte Miami-Dade pou anonse ke konte Miami-Dade ak Broward kapab kounye antre nan Faz 2 pla reouvèti eta Florid yo.

Gouvènè a kontinye pèmèt fleksibilite konte nan Sid Florid pou detèmine paramèt espesifik reouvèti sa yo, ki baze sou kritè CDC yo ak rekòmandasyon ekspè medikal lokal ki ap travay nan tèt kole ak ofisyèl eli yo.

Majistra Miami-Dade Carlos A. Gimenez te di: "Mwen kontan ke dekrè Gouvènè DeSantis la ban nou fleksibilite nou bezwen pou kontinye asire sante ak sekirite tout moun nan kominote nou an, etandone ke diferan rejyon nan eta a te gen rezilta trè diferan pou pwogresyon pandemi COVID-19 la. Lendi, ekip mwen avèk mwen gen plan rankontre ak ekspè medikal lokal nou yo ki te gide nou sou chemen rekiperasyon an pou nou ka detèmine detay sou fason faz reouvèti eta sa a ap dewoule nan Konte nou an."

Pandan Faz De plan Florid la pou reouvèti ba, yo pap relouvri nan Miami-Dade nan moman sa a.

Miami-Dade ap konsidere reouvèti sèten biznis amizman avèk kapasite limite e anba règ nouvo nòmal a, tankou sinema ak akad, baze sou kritè ak rekòmandasyon ekspè medikal lokal yo pou reouvèti san danje.

Majistra Gimenez te di: "Chif COVID-19 Miami-Dade yo te amelyore dramatikman nan mwa ki sot pase a. Tout bagay ap mache nan bon direksyon an, soti nan bès pozitivite nou yo ale nan diminisyon kantite pasyan lopital yo."

"Kòm toujou, nou ap swiv syans viris mòtèl sa a pou detèmine kijan pou nou kenbe kominote nou an sante. Nan semèn ki ap vini an, konsiltasyon avèk ekspè medikal lokal nou yo ap pèmèt nou deside ki alèjman restriksyon nou ka otorize san danje."

Pou mizajou ki pi resan sou sitiyasyon an, ale nan miamidade.gov/coronavirus.