Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade la, Carlos A. Gimenez, siyen amannman pou ouvri etablisman amizman yo ak pèmèt espò konpetitif limite

Gid Nouvo Nòmal la ofri detay sou règleman yo ke yo va kontinye fè respekte seryezman

MIAMI ( Septanm 17, 2020 )

Jedi 17 septanm 2020, Majistra Konte Miami-Dade, Carlos A. Gimenez, te siyen amannman dekrè ki pèmèt ouvèti plizyè kalite etablisman amizman pandan yo pèmèt tou sèten espò. Amannman sa yo ap antre anvigè apatii 12:01 p.m. nan dat 18 septanm 2020.

Amannman Nim. 1 Dekrè Egzekitif 28-20 an pèmèt ouvèti sinema, sal konsè, espas konvansyon, oditoryòm, espas divètisman, sal bowling, akadi, ak etablisman amizman enteryè a kapasite 50 pousan. Tout etablisman yo dwe swiv seryezman Gid Nouvo Nòmal la (gade Dokiman A). Amannman sa a pèmèt konsomasyon manje ak bwason andedan nan sinema, sal konsè, espas konvansyon, oditoryòm, espas divètisman, sal bowling, galri, kazino, ak etablisman amizman andedan, men se sèlman nan zòn yo deziyen. Amannman sa a pèmèt tou pèfòmans an dirèk,depi moun ki ap pèfòme yo pa mwens pase 10 pye distans kliyan yo an tout tan epi kliyan sa yo obsève pèfòmans sa yo sou tab yo oswa nan plas yo.

Amannman Nim. 1 Dekrè Egzekitif 28-20 pèmèt jwèt konpetitif limite, ki gen ladan konba. Sepandan, espò òganize ant ekip ak jwèt lig yo pa otorize, eksepte nan ka tenis, rakètbòl ak bezbòl, si yo mete mask yo an tout tan. Amannman sa a egzije tou pou moun gen kouvèti vizaj yo tout tan pou lòt aktivite atletik.

Administrasyon an va rankontre semèn pwochèn lan ak pwopriyetè ba ak etablisman amizman pou granmoun, ansanm ak ekspè medikal Konte a pou detèmine règleman yo pou ouvri enstalasyon sa yo san danje a lavni.

Klike isit la pou mizajou yo.