Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Konte Miami-Dade ap konfòme li ak Dekrè Egzekitif Gid Nouvo Nòmal pandan Eta a ap antre nan Faz 3 a

MIAMI ( Septanm 26, 2020 )

Konte Miami-Dade ap konfòme li ak Dekrè Egzekitif 20-244 anba règleman ouvèti nan tout eta a ke  Gouvènè Ron DeSantis etabli, pandan nou ap kenbe eleman gekrè Konte a ki pwoteje rezidan Konte Miami-Dade yo pandan pandemi COVID-19 la.

Nou ap bay lyen ki mennen nan dekrè revize Konte a, an konfòmite ak Dekrè 20-244, Gouvènè a isit la.

Tanpri revize Gid Nouvo Nòmal revize Konte a isit la. la pou règleman ajou ki gen rapò ak yon biznis an patikilye.

Tout biznis, ki gen ladan biznis esansyèl tankou makèt, famasi ak konpayi konstriksyon, dwe kontinye konfòme yo avèk règleman sekirite Konte a jan sa endike nan Gid ajou a pou ede anpeche pwopaqgasyon viris la.

MASK AK DISTANS

Omwen, tout biznis yo ta dwe asire ke anplwaye yo ak piblik la mete mask an tout tan, e ke zòn travay ak sal prezantasyon yo ranje pou ankouraje ankouraje distans fizik omwen 6 pye.

RESTORAN , BA AK KLIB

An konfòmite ak Dekrè Gouvènè a, limit 50 pousan Konte a pou restoran yo ap rete an plas kòm yon minimòm, avèk ekspansyon plis pase 50% kapasite ki otorize pou restoran ak lòt local ki ka akomode plis tab pandan yo ap kenbe pye 6 separasyon ant tab yo. Restoran yo ka rive100 pousan kapasite lè yo enkli sèvis tab deyò kote sa posib. Maksimòm plas pa tab andedan oswa deyò kontinye - pa plis pase sis moun pa tab oswa jiska dis moun ki soti nan menm kay.

Pou restoran ak ba ki pa gen ase espas pou tab yo rive nan 50 pousan kapasite minimòm lan, yo va otorize mete tab pi pre ansanm pou rive j50 pousan minimòm lan.

Ba ki gen sèlman sèvis kontwa sèlman va otorize rive 50 pousan kapasite ak plas ki separe nan ba a osi lwen ke posib ant pati yo ap sèvi yo jiska yon minimòm 50 pousan kapasite.

Klib ki gen danse dwe egzije moun mete mask nan pis dans. Manje ak bwè va otorize sèlman sou tab.

KOUVREFE AK AMANN

Konte Miami-Dade ap kontinye kouvrefe 11 p.m. a 6 a.m. LAN nan tout konte a pou kounye a nan yon efò pou diminye aktivite lannwit ki fasilite pwopagasyon viris la.

Vyolatè yo va resevwa sitasyon deli kriminèl dezyèm degre ki fikse yon amann maksimòm $500 ak/oswa 180 jou prizon.

Daprè Dekrè Gouvènè a ki sispann tout amann ak penalite ki aplike pou moun ki vyole dekrè sante piblik COVID-19 Konte a, Konte Miami-Dade ap kontinye bay sitasyon sivil pou moun ki pa mete mask epi yo pral trete amann ak penalite jan sa te otorize.

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te di: "Pandan tout pandemi sa a, Konte Miami-Dade te pran mezi dapre Sant pou Kontwòl Maladi, Depatman Sante Florid ak ekspè medikal lokal nou yo ki gen ladan yo epidemyolojis ak espesyalis maladi enfeksyon. Kòm pousantaj enfeksyon nou yo kontinye ap desann anba 5 pousan epi ospitalizasyon nou yo ap kontinye bese, mwen fyè de repons kominote a nan ede bese pwopagasyon viris sa a.

"Mwen rekonesan pou lidèchip ak patenarya Gouvènè Ron DeSantis ki pèmèt Konte Miami-Dade ak tout Sid Florid fè pati reouvèti tout biznis Gouvènè a nan tout Eta a. Anpil moun ap soufri, e mwen te travay di pou jwenn bon kondisyon pou louvri ekonomi nou an.

"Mwen vle ensiste ke nou nan yon moman kritik pou kontinye sove lavi epi fè ekonomi nou an vanse. Menm jan tout biznis ap louvri, tout moun dwe kontinye pran responsablite pèsonèl yo ak mete mask an piblik, rete omwen sis pye lwen lòt moun epi lave men yo souvan pou bese pwopagasyon viris la, patikilyèman pwoteje moun ki gen gwo risk medikal ak granmoun aje nou yo.

"Nou vle kontinye selebre pwogrè nou te fè an sante piblik, kenbe lopital nou yo ap mache avèk efikasite pou pran swen tout pasyan san retounen nan fèmti dijans akoz enfeksyon ki deoase sistèm swen sante nou an.

"Ansanm, nou ap respekte youn lòt nan swiv règleman sante piblik yo epi fè moun tounen nan travay san danje."