Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez

MIAMI ( Oktòb 09, 2020 )

Lè mwen te pibliye Dekrè Egzekitif 30-20 nan dat 26 septanm pou konfòme ak dekrè Gouvènè a nan tout eta a pou elaji ouvèti biznis yo, mwen te pwomèt rezidan yo ke mwen tap evalye lè kòmansman kouvrefe Konte a nan de semèn. Peryòd de semèn sa a taP Fè nou wè si pousantaj pozitivite ak ospitalizasyon yo ta rete estab. Malgre ke te gen kèk kantite tès chak jou ki te pi wo ke objektif nou, an jeneral, mwayèn nan 14 jou yo te anba sib 5 pousan, epi ospitalizasyon pat ogmante.

Jodi a, mwen te rankontre ak ekspè nan sante piblik Konte an pou detèmine si nou ka kòmanse kouvrefe a minwi olye de 11 p.m. Nou pral kontwole rezilta tès wikenn sa ak ospitalizasyon yo. Si tout bagay rete estab, nou planifye pou nou mete kouvrefe nan tout Konte a depi minwi jiska 6 a.m., avèk eksepsyon ki akseptab pou biznis ak sèvis esansyèl, apati lendi 12 Oktòb.

Li enpòtan pou tout moun kontinye mete mask epi rete omwen 6 pye distans lòt moun lè yo an piblik. Lapolis Miami-Dade ak Enspektè Konte a ap kontinye fè respekte tout règleman sou COVID-19 yo nan tout Konte a. Règleman sekirite sa yo ap sove lavi epi ede kenbe biznis, lekòl ak lòt enstitisyon ki louvri.