Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade la, Carlos A. Gimenez, sou koudapèl la ki retabli kouvrefe a jiskaske li pran desizyon sou zafè a

MIAMI ( Oktòb 19, 2020 )

Apremidi a, yon koudapèl mande fè yon kanpe sou òdonans enjonksyon ki te pibliye vandredi nan Konte Miami-Dade, apati yon pwosè ki ap chèche envalide kouvrefe nan tout Konte a, suit a yon dekrè egzekitif ki te pran pou bese COVID -19 la nan kad efò pou frennen pwopagasyon viris la. Tribinal la tou akòde Konte a mosyon pou revizyon akselere.

Sa vle di, annatandan koudapèl la deside sou kesyon an, kouvrefe a rete an vigè epi li aplikab. Kòm nou te aprann sa byen ta jodi a, Konte a pa pral fè aplike kouvrefe a aswè a, pou asire ke rezidan yo ak biznis yo enfòme kòmsadwa konsènan desizyon koudapèl la.

Mwen pral pale ak ekspè medikal Mezon Blanch yo demen epi ekspè sante piblik Konte a nan jou mèkredi a pou jwenn opinyon yo tou.

Apati madi swa, kouvrefe minwi pou 6 a.m. lan pral an vigè yon fwa ankò.