Kontak pou Laprès:
Annette Molina
[email protected]
786-469-4110

Pwogram Asistans Lwaye Dijans nan Konte Miami-Dade la kontinye aksepte aplikasyon

Moun kapab soumèt aplikasyon sou entènèt pou Faz 2 pwogram sa a ki popolè anpil apati 5 pm nan dat 21 oktòb 2020

MIAMI ( Oktòb 21, 2020 )

Depatman Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè Konte Miami-Dade (PHCD) ap kapab aksepte aplikasyon anplis pou Pwogram Asistans Lwaye Dijans 2 (ERAP 2) apati 5:00 pm, mèkredi 21 Oktòb 2020 an.

Baze sou disponiblite finansman, ERAP 2 kapab bay asistans lwaye pou twa (3) mwa lwaye ki poko peye jiska yon maksimòm $5,000. Kalifikasyon debaz yo gen ladan revni anyèl aktyèl nan kay la ki mwens pase 120% revni medyàn zòn lan (AMI) (pou yon sèl moun, $76,800), revni ke COVID-19 la deranje, ak prèv ki montre yon kontra lwaye valid.

Majistra Konte Miami-Dade, Carlos A. Gimenez, te di, "Objektif nou se ede tout kantite moun posib, e mwen kontan ke nou kapab kontinye aksepte aplikasyon pou Pwogram Asistans Lwaye Dijans la."

Direktè PHCD Michael Liu deklare, "Fason ki pi fasil, pi rapid, ak pi egzat pou aplike se ale sou entènèt. Nou gen tou yon ekip anplwaye ki tou pare pou reponn kesyon pa telefòn ak imel."

Pou plis enfòmasyon, tcheke sit entènèt ERAP, rele 305-723-1815 oswa voye imel nan [email protected].