Kontak pou Laprès:


Majistra Konte Miami-Dade la, Carlos A. Gimenez raple kominote a mezi sekirite ki pran pou rasanbleman dimanch lan

Yo espere evènman an va fini anvan kouvrefe Konte a ki va fèt soti 12 a.m. rive 6 a.m.

MIAMI ( Novanm 01, 2020 )

Konte Miami-Dade te konfime avèk RNC, moun ki detantè pèmi pou rasanbleman Prezidan Trump te planifye pou ayewopò nan Opa-Locka a, pòt pou evènman ki ap fèt deyò a ap louvri a 7:30 p.m. Evènman an pwograme pou fini anvan minwi.

Pèsonèl sekirite a va distribye bay patisipan yo feyè ki gen lis règleman sekirite piblik sou COVID-19 ki egzije mask ak distans fizik. Kanpay RNC a konfime tou ke li pral genyen anplwaye pou distribye mask ak dezenfektan pou men bay patisipan yo.

Majistra Konte Miami-Dade la, Carlos A. Gimenez te di: "Menm jan nou te fè ak dènye evènman espòtif ki te fini ta yo, Konte a va fleksib pou kite moun yo ale lakay yo san danje."