Pon mobil yo fèmen an previzyon tanpèt twopikal Eta
An preparasyon pou Tanpèt Twopikal Eta, Konte Miami-Dade, an kowòdinasyon avèk Depatman Transpò Florid (FDOT) ak Gad Kòt Etazini (USCG), ap kòmanse bloke tout pon mobil sou Miami River an ak Vwa Navigab sou Kòt yo a 8 èdtan anvan tanpèt twopikal la pran fòs 39 mil alè oswa pi plis. Pon sa yo ap fèmen pou navigasyon maren yon fwa ke blokaj yo fèt epi yo pral rete fèmen pou tout dire move tan an e jiskaske yo ka evalye pou domaj pon mobil yo ak vwa navigab yo.
Nan Konte Miami-Dade, pon mobil sou Miami River ap fèmen sekansyèlman apati de pon lwès rive pon lès (anwo rive anba). Pon mobil ki sou vwa navigab sou kòt ap fèmen an sekans apati pon sid rive nò. Pon mobil yo va relouvri nan sekans opoze. Premye pon ki va fèmen se Tamiami Canal Bridge, ansuit 27th Avenue Bridge ak tout lòt pon Miami River yo. Fèmti sa a ap kontinye nan direksyon lès rive nan anbouchi Miami River.
Nan moman sa a, Kapitèn Pò a dwe bay yon avi pou maren yo ke tout pon ki anba kontwòl Gad Kòt Ameriken yo va fèmen nan dimanch 8 novanm 2020. Konte Miami-Dade ak FDOT ap prepare pou kòmanse pwosedi fèmti pòt yo a 6:00 am dimanch maten.
Tout maren dwe chache yon pò ki an sekirite anvan 6:00 am dimanch maten.
Pou plis enfòmasyon konsènan fèmti pon Konte Miami-Dade, tanpri rele 311. Nou ankouraje maren yo pou yo tcheke souvan Avi USCG bay pou dènye mizajou ak plis enfòmasyon.