Kontak pou Laprès:
Laura Phillips
[email protected]
305-510-8319

Pak Konte Miami-Dade va fèmen enstalasyon li yo an preparasyon pou Tanpèt Twopikal Eta

MIAMI ( Novanm 07, 2020 )

Pandan Tanpèt Twopikal Eta ap apwoche epi pou prepare pou nenpòt enpak potansyèl, tout enstalasyon Depatman Pak, Rekreyasyon ak Espas Ouvè Konte Miami-Dade ap dirije yo ap fèmen aswè a samdi 7 novanm 2020 an a 8 :00 pm. – Sa gen ladan tout pak nan Konte Dade, plaj, marinas, teren gòlf, Zoo Miami, ak Deering Estate.

Pak, Rekreyasyon ak Espas Ouvè Konte Miami-Dade yo ap rete fèmen jiska lendi 9 novanm 2020, epi va gen evalyasyon ki fèt pou posib reouvèti nan madi 10 novanm 2020.

Konsènan Rekreyasyon ak Espas Ouvè Konte Miami-Dade: Pak, Rekreyasyon ak Espas Ouvè Konte Miami-Dade se twazyèm pi gwo sistèm pak yon konte nan Etazini. Li gen ladan 270 pak ak plis pase 13,500 kawo tè. Se youn nan sistèm pak ak lwazi ki pi inik nan lemond e li konsantre efò li sou Fè Plas, Sante ak bonjan Egzèsis Fizik, Konsèvasyon ak Entandans. Swiv nou sou Facebook, Instagram, LinkedIn ak Twitter oswa sou sit entènèt nou an pou dènye nouvèl ak mizajou ki soti nan Pak Miami-Dade