Depatman Jesyon Dechè Solid Konte Miami-Dade sispann orè ramasaj gwo fatra pandan tanpèt twopikal Eta ap apwoche
Depatman Jesyon Dechè Solid Konte Miami-Dade (DSWM) anonse sispansyon orè ramasaj gwo fatra jiska nouvèl lòd. Pa gen okenn ramasaj gwo fatra ki va pwograme pwograme apati 5 pm samdi 7 novanm.
Nou fè sa an repons a Tanpèt Twopikal Eta ki ap pwoche.
DSWM va kontinye kolekte gwo fatra ki deja pwograme pandan tan an pèmèt sa. 13 Sant Dechè ak Resiklaj yo (TRCs) va rete ouvè pou itilizasyon kliyan zòn sèvis yo pandan lè nòmal dimanch depi 7 am rive 5:30 pm - ankò, toutotan kondisyon metewolojik yo pèmèt sa. Suiv DSWM sou Facebook ak Twitter pou dènye enfòmasyon yo. Pou yon lis kote TRC, vizite paj entènèt sa a. Pou plis enfòmasyon, vizite miamidade.gov/solidwaste.