Kontak pou Laprès:
Rachel Johnson
[email protected]
407-701-4357

Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava, Nonmen Doktè Peter Paige pou sèvi kòm Chèf Ofisye Medikal

MIAMI ( Novanm 17, 2020 )

Jodi a, nan premye jou nouvo administrasyon li, Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava anonse li nonmen Doktè Peter Paige pou sèvi kòm premye Chèf Ofisye Medikal nan Konte Miami-Dade. Doktè Paige se Chèf Doktè Egzekitif ak Chèf Ofisye Klinik nan Jackson Health System epi li va ede dirije repons administrasyon Majistra Levine Cava ap bay Coronavirus la ak efò rekiperasyon pandan kantite ka yo ap monte nan Miami-Dade ak nan tout peyi a.

Majistra Daniella Levine Cava te di: "Dr. Paige se yon lidè nan zafè sante piblik pandan lontan epi li se yon ekspè medikal distenge ki te ede pwoteje kominote nou an nan lòt kriz sante tankou epidemi viris Zika a. Avèk Doktè Paige nan nouvo wòl esansyèl sa a, Konte Miami-Dade ak Jackson - sistèm sante piblik nou an, ak youn nan premye ling defans nou kont pandemi an – li va travay avèk yon estrateji inifye pou konbat coronavirus la.

Yon doktè ijans selon fòmasyon li, Dr Paige pote plizyè dekad eksperyans ak bonjan lidèchip pou ede nou kòlte ak kriz sa a ki vin pi grav. Mwen konnen li pral travay san pran souf pou pwoteje sante Konte nou an pou rezidan nou yo ka retounen travay epi nou kapab remete ekonomi nou an sou pye.”

Dr Paige te di: "Majistra Levine Cava avèk mwen pataje yon angajman pou dirije dapre lasyans ak done pou navige soti nan kriz san parèy sa a, se pa politik. Mwen onore pou resevwa responsablite pou ede pwoteje sante ak byennèt tout rezidan Miami-Dade. Nou va travay ansanm pou devlope yon repons sante piblik pi fò, pi efikas, epi asire ki rezidan yo ak biznis yo gen yon vwa yo fè konfyans pou enfòmasyon esansyèl ak resous pou bese pwopagasyon coronavirus la."

Dr Paige se Vis Prezidan Egzekitif, Chèf Doktè Egzekitif, ak Chèf Ofisye Klinik nan Jackson Health System, kote li sipèvize Chèf Ofisye Medikal yo nan chak lopital Jackson Health System. Depi li te antre nan ekip lidèchip Jackson lan an 2013, li te jwe yon wòl enpòtan nan direksyon plizyè pwogram Jesyon Dijans ak Repons pou Katastwòf, tankou repons Jackson nan epidemi viris Zika a. Anvan li te rantre nan Jackson, Dr Paige te sèvi kòm Chèf Ofisye Fonksyònman Asosye nan UMass Memorial Medical Center, epi li te diplome nan Carnegie Mellon, SUNY Health Science Center, ak Lemoyne College.