Kontak pou Laprès:
Luisana Pérez Fernández
[email protected]

Konte Miami-Dade pral lanse yon kantite limite randevou pou vaksen COVID-19

MIAMI ( Janvye 10, 2021 )

Demen lendi 11 janvye a 2è apremidi, Konte Miami-Dade va mete yon kantite limite randevou pou vaksen COVID-19 disponib pou granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis, dapre direktiv vaksen eta a. Randevou yo va disponib atravè yon zouti pwogramasyon nan miamidade.gov/vaccine.

Demann pou vaksen se kounye a pi plis pase rezèv ki deja egziste, ak Konte Miami-Dade ap travay pou mete vaksen yo disponib pou kominote a osi vit ke nouvo founiti yo resevwa.

Majistra Miami-Dade County Daniella Levine Cava te di: "Konte nou an ap travay di ansanm ak lopital yo, vil yo, ak eta a pou distribye vaksen osi vit ke nou resevwa yo, pou pwoteje kominote nou ak fè ekonomi nou an kontinye avanse. Mwen fyè ke Konte Miami-Dade kapab kontinye bay randevou vaksen adisyonèl pou granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis nan kominote nou an.”

Miami-Dade va louvri yon kantite limite randevou pou vaksen COVID-19 pou granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis jou lendi 11 janvye a 2è apre midi nan miamidade.gov/vaccine. Sit entènèt la disponib tou an panyòl nan miamidade.gov/vacuna ak kreyòl ayisyen nan miamidade.gov/vaksen.