Kontak pou Laprès:
Luisana Perez Fernandez
[email protected]

Konte Miami-Dade va mete yon kantite limite randevou pou vaksen COVID-19

MIAMI ( Janvye 26, 2021 )

Jodi a, Konte Miami-Dade va mete yon kantite limite randevou pou vaksen COVID-19 disponib pou granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis ki ap viv an Florid, dapre direktiv vaksen eta a. Randevou yo va disponib atravè yon zouti pwogramasyon nan miamidade.gov/vaksen avèk tou yon nouvo opsyon pa telefòn. Randevou sou entènèt ak randevou telefòn yo ap disponib apati 2è pm.

Nan kad efò kontinyèl Konte Miami-Dade pou distribye kantite limite vaksen yo yon fason efikas e ekitab nan kominote a, Konte a te kreye yon nouvo opsyon pa telefòn pou fè rezèvasyon randevou yo pi aksesib a tout granmoun 65 ane oswa plis.

Plis enfòmasyon sou fason pou pran randevou sou entènèt ak pa telefòn disponib isit la: miamidade.gov/vaksen.

"Nou ap pran aksyon ijan pou asire ke pa gen pèsòn nan kominote a ki rete dèyè epi tout granmoun nou yo ki gen 65 ane oswa genyen aksè egal a vaksen sa a ki ka sove lavi. Pou nou distribye vaksen an egalman bay rezidan vilnerab nan Konte Miami-Dade yo, nou fyè pou entwodui yon opsyon pa telefòn pou elaji aksè a vaksen an pou nou pwoteje konte nou an epi avanse ansanm."

"Gen anpil granmoun aje nan kominote nou an ki pa kapab jwenn aksè a randevou pou vaksen sou entènèt. Mwen kontan ke Konte a te lanse yon nouvo ling telefòn pou rann li pi fasil pou tout moun pran randevou. Ansanm ak Majistra a, mwen ap kontinye travay pou pote plis vaksen nan Miami-Dade, paske nou bezwen, san pèdi tan, plis ekipman pou nou pwoteje kominote nou an."

Semèn sa a, Konte Miami-Dade ap louvri tou yon nouvo sit distribisyon vaksen nan Miami Dade College North Campus pou moun ki gen 65 ane oswa plis ki ap viv an Florid, epi nou va relouvri sit vaksinasyon ki nan Zoo Miami an. Tout sit vaksinasyon Konte yo, se sou randevou sèlman.

Demann pou vaksen se kounye a pi plis pase rezèv ki deja egziste, ak Konte Miami-Dade ap travay pou mete vaksen eta Florid, gouvènman federal yo epi rann vaksen yo disponib pou kominote a osi vit ke yo resevwa nouvo materyèl. Tanpri kontinye tcheke miamidade.gov/vaksen pou enfòmasyon sou ki kote vaksen yo disponib kounye a.