Media Contact:
Luisana Pérez Fernández
[email protected]

Mizajou sou Pwogram Vaksinasyon Konte Miami-Dade

MIAMI ( January 30, 2021 )

Semèn sa a Konte Miami-Dade te kòmanse pwograme randevou pou dezyèm vaksen pou granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis ki te resevwa premye vaksen COVID-19 la nan yon sit vaksinasyon Konte a.

Tout moun ki te resevwa premye vaksen an sou yon sit Miami-Dade va resevwa yon imel oswa yon tèks pou  pwograme dezyèm randevou a pandan semèn dat ki sou kat CDC ou te resevwa nan premye randevou a. Nou va kontakte pa telefòn tout moun ki pa reponn pa imel pou pran randevou pou dezyèm dòz la.

Majistra Daniella Levine Cava te di: "Yo va kontakte dirèkteman pa imel oswa tèks tout moun ki te resevwa yon vaksen sou yon sit Konte Miami-Dade pou yo pwograme dezyèm dòz yo. Nou ap travay di pou moun ka resevwa vaksen osi vit ke posib, sa gen ladan kontakte dirèkteman tout moun ki te resevwa premye dòz vaksen yo nan konte a ka resevwa dezyèm dòz yo pou konplete pwosesis vaksinasyon an."

Pou plis enfòmasyon ak mizajou, tanpri vizite miamidade.gov/vaccine.