Kontak pou Laprès:
Luisana Perez Fernandez
[email protected]

Konte Miami-Dade Lanse Platfòm Enskripsyon Davans Vaksen kont COVID-19 la

MIAMI ( Fevriye 04, 2021 )

Jodi a, Konte Miami-Dade pral lanse yon nouvo platfòm enskripsyon davans vaksen pou granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis ak travayè swen sante pou yo enskri pou resevwa vaksen kont COVID-19 sou sit vaksinasyon Konte Miami-Dade.

Granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis ak travayè swen sante kapab enskri yon sèl fwa, swa sou entènèt oswa pa telefòn, pou endike ke yo enterese resevwa yon vaksen. Konte Miami-Dade va kontakte dirèkteman moun ki elijib yo pou pran randevou vaksen sou sit Konte Miami-Dade (ki gen ladan Tropical Park, Zoo Miami, ak Miami Dade College North Campus), pandan yo ap resevwa nouvo vaksen.

Demann pou vaksen an kounye a pi plis pase kantite ki deja egziste a, ke Konte Miami-Dade resevwa nan men gouvènman Eta a ak gouvènman federal la. Nou mande pou w pran pasyans pandan nou ap travay pou kontakte tout moun ki te enskri pou pran randevou vaksen nan semèn anvan pandan nou ap resevwa nouvo vaksen.

Granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis ak travayè swen sante yo kapab enskri davans sou entènèt nan miamidade.gov/vaksen oswa pa telefòn lè yo rele 305-614-2014.

Majistra Konte Miami-Dade Daniella Levine Cava te di: "Nou bezwen distribye vaksen kont COVID-19 osi vit, osi egalego ke posib pou pwoteje tout rezidan nou yo epi retire ekonomi nou an nan kriz. Nou te tande byen klè opinyon kominote nou an e nou fyè dèske nou kreye yon nouvo platfòm distribisyon pi ekitab pou redwi anksyete sou zafè pran randevou ak pèmèt granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis ak travayè swen sante enskri pou yo resevwa vaksen pandan yo ap disponib."

Ou ka jwenn plis enfòmasyon ak mizajou sou kote vaksen yo disponib kounye a atravè Miami-Dade isit la nan: miamidade.gov/vaksen.

Si ou soud oswa ou pa tande byen, oswa ou se yon itilizatè TTY, ou kapab rele tou 711 (Sèvis Relè Florid) oswa voye imel nan [email protected] pou asistans.