Kontak pou Laprès:
Rachel Johnson
[email protected]

Majistra Daniella Levine Cava te anonse nouvo pwogram soulajman pou pwopriyetè rezidansyèl ak lokatè ke pandemi COVID-19 la afekte

MIAMI ( Fevriye 08, 2021 )

Jodi a, Majistra Miami-Dade, Daniella Levine Cava, te anonse nouvo pwogram soulajman pou sipòte pwopriyetè rezidansyèl ak lokatè ke pandemi an te afekte. Pandan yon konferans pou laprès avèk Komisyonè Konte Miami-Dade Eileen Higgins, pwopriyetè biznis ki gen ladan United Property Management, gwoup dwa lokatè ak pwopriyetè tankou Miami Homes for All ak Haitian Neighborhood Association (Asisyasyon Katye Ayisyen), Majistra a te pwopoze yon pwogram pou distribye $60 milyon nan nouvo lajan soulajman federal pou pwopriyetè ak lokatè ki gen difikilte - kòmanse avèk pwopriyetè ki gen òdonans degèpisman ki depoze ak lokatè ki fè fas ak degèpisman.

Pwogram li pwopoze a ap sipòte pwopriyetè rezidansyèl ki gen òdonans ki depoze nan Depatman Lapolis Miami-Dade nan peye lwaye ki anreta jiska mas 2020, avèk yon lwaye maksimòm $3,000 pa mwa.

Majistra Daniella Levine Cava te di: “Pou pwemye fwa nan prèske yon ane nou ka wè limyè a nan fen tinèl la, pandan distribisyon vaksen ap ogmante nan tout peyi a ak nan Konte Miami-Dade. Men, nou dwe tann anpil mwa toujou anvan nou rive a yon iminizasyon kominotè jeneralize e nou dwe kontinye pwoteje lavi ak mwayen pou viv pandan kriz sante piblik ak ekonomik sa a. Lè nou travay ansanm, nou va kontinye pwoteje fanmi ki vilnerab yo ak bay soulajman a mèt kay ki te frape anpil yo pandan nou ap kenbe kominote nou an an sekirite nan chapit final sa a nan pandemi an.”

Komisyonè Konte Miami-Dade, Eileen Higgins te di: "Kòm pandemi an te ogmante pi plis epi ralantisman ekonomi nou an te vin pi pwofon, mwen te imedyatman konnen ke nou te dwe ede fanmi ki gen difikilte ak lwaye yo lè yo pèdi travay oswa èdtan nan travay yo, e se pou sa ansanm ak Majistra Levine Cava, mwen te patwone Pwogram orijinal Asistans Dijans pou Lwaye a. Mwen kontan Majistra Levine Cava ak Direktè Liu ap kontinye pwogram enpòtan sa a pou ede rezidan nou yo ak pwopriyetè yo rete dyanm pandan nou ap sòti anba pandemi an."

Direktè egzekitif Miami Homes for All, Annie Lordte di: “Miami Homes For All gen enkyetid sou enpak pandemi terib sa a sou tout ekosistèm lojman an, soti nan pwopriyetè pase nan pretè rive nan lokatè. Nou kontan anpil sou kapasite pwogram sa a pou sipòte chak moun ki gen enterè nan ekosistèm lan.”

Majistra a te anonse tou apati 5 mas, konte a va rekòmanse sèvis òdonans pou degèpisman komèsyal sèlman. Moratoryom degèpisman rezidansyèl la, ki obligatwa nan nivo federal, toujou an plas pou pwoteje fanmi ki vilnerab yo ak sante piblik.

An menm tan, Depatman Lapolis Miami-Dade ap envestige aktivman ka kriminèl okipasyon ilegal, ke moratoryom sou degèpisman an pa pwoteje. Si ou bezwen rapòte yon okipasyon ilegal, ou ka rele (305) 4-POLICE oswa Biwo ki ap Lite kont Krim Ekonomik MDPD (305) 994-1000.

Gen resous adisyonèl ki disponib pou sipòte ti biznis ke pandemi an afekte, atravè Konte Miami-Dade ak patnè ki gen ladan Beacon Council, Greater Miami Chamber of Commerce, CareerSource South Florida, elatriye. Vizite miamidade.gov/coronavirus ak bizhelp.miami, yon sant resous konplè ke Beacon Council te kòmanse, pou plis enfòmasyon.