Kontak pou Laprès:
Luisana Pérez Fernández
[email protected]

Majistra Miami-Dade Levine Cava Mande Gouvènè DeSantis pou li Voye Plis Vaksen

MIAMI ( Fevriye 09, 2021 )

Jodi a, Majistra Miami-Dade Daniella Levine Cava te voye yon lèt bay Gouvènè DeSantis Konsènan bezwen ijan pou plis vaksen nan Miami-Dade.

Majistra Levine Cava te ekri: "Konte Miami-Dade rete episant epidemi Florid la, avèk menm pi gwo risk kounye a ke omwen yon nouvo souch COVID-19, ki pi vyolan ki pwopaje pi rapidman toupatou nan eta nou an, reprezante. Men, nou manke vaksen pou asire ke nou ka vaksinen granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis nan menm vitès ak lòt konte nan Florid yo. Anreyalite Konte Miami-Dade rete plas kote ki gen pi gwo kantite ka pozitif yo, e nou konnen ke pwopagasyon kominotè ap kontinye. Kòm episant pandemi a an Florid, mwen kwè alokasyon ki fèt dirèkteman pou Konte Miami-Dade ap ogmante pou nou kapab vaksinen yon pi gran pati nan granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis yo."

Li tout lèt la.