Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Pwogram Asistans Dijans pou Lwaye $60 milyon Majistra Miami-Dade Levine Cava te pwopoze a resevwa apwobasyon Konsèy la

MIAMI ( Fevriye 17, 2021 )

Jodi a, Pwogram Asistans Dijans pou Lwaye (ERAP2.3), ki te kreye atravè lejislasyon ke Majistra Konte Miami-Dade Daniella Levine Cava te pwopoze epi Komisyonè Eileen Higgins te patwone a, te resevwa apwobasyon Konsèy Komisyonè Konte Miami-Dade la. Nouvo pwogram sa a va itilize $60 milyon fon sekou federal pou sipòte pwopriyetè rezidansyèl yo ak lokatè yo, kòmanse avèk pwopriyetè ki te gen òdonans nan Depatman Polis Miami-Dade nan bay lajan lwaye ki anreta jiska mas 2020.

Majistra Daniella Levine Cava te di: "Pwoteje lavi ak mwayen sibzistans tout rezidan Konte Miami-Dade pandan kriz sa a rete pi gwo priyorite mwen, e mwen remèsye Komisyon Konte a dèske li apwouve pwogram enpòtan sa a pou bay resous finansye a moun ki pi bezwen li."

Komisyonè Higgins te di: "Gouvènman Konte a dwe kontinye travay pou sipòte moun ki pi vilnerab yo pandan moman difisil sa yo. Mwen te fyè - yon lòt fwa ankò – pou mwen patwone lejislasyon ki la pou ede pwopriyetè ak lokatè nan bay jiska valè yon ane lwaye anreta a moun ki gen difikilte akòz pèt travay pandan COVID la."

An menm tan, Depatman Polis Miami-Dade ap kontinye envestige aktivman ka kriminèl okipasyon ilegal, ki pa pwoteje anba moratoryòm degèpisman federal la. Si ou bezwen rapòte yon okipasyon ilegal, ou ka rele (305) 4-POLICE oswa MDPD Economic Crimes Bureau (305) 994-1000.

Gen Resous adisyonèl ki disponib pou sipòte ti biznis pandemi an afekte, atravè Konte Miami-Dade atravè patnè ki gen ladan Beacon Council, Greater Miami Chamber of Commerce, CareerSource South Florida, elatriye. Vizite miamidade.gov/coronavirus ak bizhelp.miami , yon sant resous konplè ke Beacon Council te kòmanse, pou plis enfòmasyon.