Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Nou anonse Kanpis Nò Miami Dade College kòm premye sit vaksinasyon federal nan Konte Miami-Dade

MIAMI ( Fevriye 19, 2021 )

Jodi a, nou anonse Kanpis Nò Miami Dade College kòm premye sit vaksinasyon federal nan Miami-Dade, youn nan kat nouvo sit vaksinasyon federal nan tout eta a.

Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava te di: "Depi plizyè mwa mwen te ap pouse pou pote plis vaksen ijan nan Miami-Dade ak asire ke distribisyon vaksen an pa sèlman efikas men pou li ekitab tou, e nou ap fè tout sa nou kapab pou li rive nan kominote ki pi defavorize yo. Mwen kontan anpil ke gouvènman federal la mete Miami-Dade nan efò vaksinasyon elaji yo an Florid, ak bati sou travay ekip nou an deja ap fè pou kreye yon sistèm distribisyon vaksen a gran echèl nan sit ki gen ladan Kanpis Nò MDC. Sit sa a ap ogmante anpil disponiblite vaksen pou moun ki plis bezwen sa."

Komisyonè Konte, Jean Monestime te di: "Sit vaksinasyon federal nan Kanpis Nò Miami Dade College se yon bon nouvèl pou rezidan Distri de (2) yo, ke pandemi sa a te afekte dispwopòsyonèlman epi ki bezwen aksè elaji a vaksen ki kapab sove lavi yo. Anons jodi a se yon gwo pa annavan pou tout kominote nou an nan pwoteje moun ki pi vilnerab yo epi mete pandemi sa a dèyè do nou."

Sit la va louvri nan dat 3 mas epi li va fonksyone 7 jou sou 7 soti 7è am rive 7è pm, pou li administre 2,000 vaksen chak jou. Sit la va ofri tou de (2) lòt klinik vaksinasyon mobil ki va administre 1,000 vaksen adisyonèl pa jou pou ede pote vaksen dirèkteman nan katye ki pi difisil pou moun rive yo.

Nou ap jwenn mizajou sou fason pou moun enskri pou randevou sou sit sa a nan miamidade.gov/vaccine. Moun ki gen 65 ane oswa plis ta dwe tou enskri davans isit la: myvaccine.fl.gov oswa lè moun rele 888-499-0840 (TTY: 888-256-8918).