Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Konte Miami-Dade va mete drapo demi ma pou onore viktim COVID yo

MIAMI ( Fevriye 23, 2021 )

Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava, ap mete drapo demi ma sou bilding Konte yo semèn sa a an memwa moun ki pèdi lavi yo akoz koronaviris la nan Miami-Dade ak toupatou nan peyi a.

Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava te di: "Semèn sa a Etazini rive nan yon etap trajik ki serye anpil - plis pase 500,000 Ameriken te pèdi lavi yo akoz COVID-19. Miami-Dade pral mete tèt ak Mezon Blanch pou mete drapo demi ma nan enstalasyon Konte a pandan nou ap onore epi sonje tout moun nou pèdi toupatou nan peyi a, ak prèske 5,300 moun ki mouri anba COVID isit la nan Miami-Dade.”

"Nou ap sonje moun nou pèdi twò bonè yo, reflechi, epi kontinye travay rekonstriksyon Amerik la pou soti nan tan devastatè sa a. Jodi a epi chak jou, kè mwen ak priyè mwen ale jwenn tout fanmi isit la nan kominote nou an ak atravè tout nasyon an ki pèdi yon moun yo renmen nan pandemi sa a.”