Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Deklarasyon Majistra Daniella Levine Cava sou Plan Sekou Ameriken an

MIAMI ( Fevriye 25, 2021 )

Jodi a, Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava, te fè deklarasyon annapre a pou sipòte Plan Sekou Ameriken an:

"Plan Sekou Ameriken an se yon lejislasyon enpòtan pou sipòte fanmi ki gen difikilte nan tout Konte Miami-Dade ki kontinye ap soufri akoz enpak sou sante ak enpak ekonomik pandemi sa a. Avèk benefis chomaj ranfòse ki pral ekspire nan dat 14 mas la, nesesite pou bay soulajman adisyonèl a plizyè milyon Ameriken rete osi gran li ke te ye anvan. Mwen ankouraje Kongrè a pou li pase lwa sa a, ki va ede pwoteje lavi ak mwayen pou viv atravè Miami-Dade ak Etazini pou tout dire kriz la epi asire ke gouvènman lokal yo kapab kontinye bay sèvis esansyèl tankou polis, ponpye, elatriye."