Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Deklarasyon Majistra Daniella Levine Cava sou pasaj Plan Sekou Ameriken an

MIAMI ( Mas 10, 2021 )

Aprè pasaj Plan Sekou Ameriken an, Majistra Daniella Levine Cava te pibliye deklarasyon annapre a:

"Pasaj Plan Sekou Ameriken an jodi a make yon moman enpòtan nan batay nasyon nou an kont pandemi an ak efò nou pou nou rebati pi byen. Lejislasyon istorik sa a va ekipe kominote tankou kominote pa nou an avèk resous esansyèl pou nou elaji agresivman kanpay vaksinasyon nou an, relouvri lekòl yo san danje, epi kontinye bay sèvis esansyèl tankou lapolis ak ponpye. Anplis de bay gouvènman lokal yo sipò ki nesesè anpil, Plan Sekou Ameriken an mete tou yon fondasyon solid pou peyi nou an akselere rekiperasyon ekonomik - ranfòse rezo sekirite sosyal nou an lè li elaji benefis chomaj, ogmante sipò pou ti biznis, epi voye peman dirèk a plizyè milyon fanmi Ameriken ki kontinye brave sikonstans difisil ki depase tout imajinasyon."