Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava, pibliye pwotokòl ak direktiv aktyalize yo sou COVID

MIAMI ( Avril 07, 2021 )

Semèn sa a, Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava, te pibliye nouvo pwotokòl sekirite aktylize obligatwa sou COVID, ansanm ak yon nouvo manyèl Gid Sekirite sou COVID ki dekri rekòmandasyon pou kenbe rezidan, biznis, ak vizitè yo an sekirite. Majistra a te siyen tou yon amannman nan Dekrè Egzekitif 27-20 an pou leve kouvrefe a sou tout konte a apati lendi 12 avril 2021 a 12:01 am.

Dekrè Egzekitif 33-20 - nouvo dekrè Konte a pou rezidan, vizitè, ak etablisman komèsyal - gen ladan obligasyon ke tout moun ak biznis nan Konte Miami-Dade dwe legalman suiv, tankou mete mask, pratike distans sosyal, dezenfekte, ak rete lakay. lè yon moun malad. Gid Sekirite sou COVID la bay rekòmandasyon adisyonèl espesifik pou anpeche pwopagasyon viris la epi pwoteje rezidan ak vizitè yo.

Majistra Levine Cava te di: "Nou fè gwo pwogrè nan direksyon mete fen a pandemi sa a pandan vaksinasyon an ap akselere, Nouvo direktiv sa yo va pèmèt biznis ak rezidan yo kontinye retounen nan lavi nòmal pandan nou ap mete aksan sou aksyon kle nou dwe pran pou kenbe tèt nou ak lòt moun an sekirite jiskaske nou gen iminite toupatou nan kominote a. Kounye a, tout granmoun elijib, mwen ankouraje kominote nou an: Fè yon plan epi ale pran vaksen! Se meyè zouti nou pou mete pandemi an dèyè do nou."

Aksede a nouvo dekrè egzekitif ak direktiv yo isit la, epi pran plis enfòmasyon sou ki kote vaksen yo disponib nan Konte a: miamidade.gov/vaccine.