Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Randevou menm jou disponib kounye a sou sit vaksen Konte Miami-Dade yo

MIAMI ( Avril 28, 2021 )

Apati jounen jodi mèkredi 28 avril la, rezidan yo kapab pran randevou pou menm jou a sou tout sit vaksinasyon Konte Miami-Dade yo - Tropical Park, Zoo Miami, ak Homestead Sports Complex. Rezidan yo kapab enskri pou randevou ki disponib nan menm jou a ak nan jou ki ap vini yo lè yo rezève sou entènèt nan miamidade.gov/vaccine oswa rele 305-614-2014.

Majistra Daniella Levine Cava di: "Mwen fyè ke Konte Miami-Dade te youn nan premye kominote nan peyi a ki te devlope yon sistèm enskripsyon davans sou entènèt pou ede byen bay randevou vaksen lè kantite yo te limite anpil. Kounye a, plis pase 1.2 milyon rezidan te resevwa omwen yon dòz vaksen, epi n ap fè li fasil pou moun pran yon vaksen pandan nou ap ogmante efò sansibilizasyon ak edikasyon nou yo pou asire ke pa gen kominote ki rete dèyè. Pran vaksen se meyè opsyon nou pou pwoteje moun nou renmen yo epi mete pandemi an dèyè do nou. Jwenn yon lokal tou pre w: miamidade.gov/vaccine."