Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Daniella Levine Cava sou dekrè egzekitif Gouvènè a

MIAMI ( Me 03, 2021 )

Jodi a, Majistra Daniella Levine Cava pibliye deklarasyon annapre a an repons a dekrè egzekitif Gouvènè DeSantis la ki sispann dekrè egzekitif lokal yo:

"Desizyon sa a ban mwen anpil tèt chaje. Nou toujou nan yon sitiyasyon ijans sante piblik epi ekonomi nou an poko konplètman soti nan kriz. Se mwens pase mwatye nan rezidan nou yo ki vaksinen, epi nou fè fas a yon menas lòt varyant ki ap grandi. Mwen ankouraje kominote nou an kontinye itilize bon sans pou anpeche pwopagasyon viris la epi sa ki pi enpòtan, pou yo pran vaksen – se meyè ak sèl chemen nou pou nou vrèman mete pandemi an dèyè do nou. Mwen ankouraje Gouvènè a mete resous disponib pou ede edike ak konvenk moun nan Florid pou yo pran vaksen. pandan nou ap kontinye fè tout sa nou kapab nan nivo lokal pou fè vaksen yo pi aksesib ke posib epi ankouraje kominote nou an pran vaksen."