Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Mizajou Majistra Daniella Levine Cava apre Dekrè Egzekitif 21-102 Gouvènè DeSantis la

MIAMI ( Me 04, 2021 )

Jodi a Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava pibliye mizajou annapre a pou klarifye politik COVID ak direktiv Konte a, an repons a Dekrè Egzekitif 21-102 Gouvènè DeSantis la:

"Nou toujou nan yon sitiyasyon ijans sante piblik epi ekonomi nou an poko konplètman soti anba kriz. Konte Miami-Dade ap kontinye mande moum pran prekosyon enpòtan devan COVID, tankou mete mask, pratike distans sosyal, ak dezenfekte nan tout espas Konte, ki gen ladan bibliyotèk, pak Konte ak bilding Konte yo. Gen yon dispozisyon federal pou mete mask ki toujou an plas pou transpò piblik, Ayewopò Entènasyonal Miami, ak PortMiami.

Selon dekrè egzekitif Gouvènè a, biznis lokal yo pa gen obligasyon pou mande moum pran prekosyon enpòtan devan COVID, tankou mete mask. Sepandan, mwen ankouraje kominote biznis nou yo kontinye kenbe lide fondamantal yo an plas – mete maskin, pratike distans sosyal, dezenfekte, ak rete lakay lè w malad - pwoteje tout rezidan ak vizitè nou yo. Mwen te ankouraje lè anpil biznis chwazi volontèman kenbe prekosyon sa yo an plas pou sekirite anplwaye ak kliyan yo. Mwen ankouraje kominote nou an kontinye itilize bon sans pou anpeche pwopagasyon viris la epi pou trete moun ki bò kote w avèk respè, patikilyèman nan espas piblik, lè ou mete mask ou lè ou bò kote moun ki pap viv lakay ou.

Eta dijans lokal la rete an plas, epi Konte a ap kontinye bay sèvis sekou COVID ak sèvis tankou vaksinasyon, tès, ak manje pou granmoun aje.

Mwen ap ankouraje tout rezidan nou yo - si ou poko pran vaksen an, se meyè ak sèl chemen nou pou soti nan pandemi an. Jwenn sit vaksinasyon ki pi pre w la epi fè yon plan jodi a pou w pran vaksen: miamidade.gov/vaccine."