Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Konte Miami-Dade louvri nouvo sit vaksinasyon nan Dolphin Mall

MIAMI ( Me 10, 2021 )

Konte Miami-Dade louvri yon nouvo sit vaksinasyon nan Dolphin Mall nan kad efò san pran souf Konte a pou fè vaksen pi aksesib nan tout kominote a.

Majistra Daniella Levine Cava te di: "Konte Miami-Dade ap travay pi di pase tout tan pou asire ke nou pa kite okenn moun dèyè epi pou nou rann li vrèman fasil e pratik pou moun vaksinen - espesyalman pou travayè ki ap fè ekonomi nou an mache. Nou ap pote vaksen tout kote genyen moun - nan pò, Ayewopò, otèl, sant komèsyal, restoran, lekòl, ak biznis atravè kominote nou an."

Sit vaksinasyon an lokalize nan zòn Valè a tou pre Cheesecake Factory nan Dolphin Mall, 11401 NW 12 ST, Miami, FL 33172. Li louvri 7 jou sou 7 soti 10 am rive 8 pm. Yo bay premye ak dezyèm dòz Pfizer yo nan lokal sa a. Randevou pa obligatwa, men nou ankouraje w enskri davans sou entènèt isit la oswa rele 305-614-2014 pou w ka ekonomize tan lè w rive sou plas.