Kontak pou Laprès:
Natalia Jaramillo
[email protected]

Konte Miami-Dade ak Asosyasyon Medikal Konte Dade ap kolabore Sou Nouvo sit Vaksen kont COVID-19

MIAMI ( Jen 11, 2021 )

Konte Miami-Dade ak Asosyasyon Medikal Konte Dade (DCMA) ap louvri de nouvo pwen vaksinasyon kont COVID-19 apati lendi 14 jen an. Inisyativ la fè pati efò Konte a pou pote vaksen nan tout kwen kominote a epi kolabore avèk yon pakèt òganizasyon pou fè vaksinasyon an aksesib ke posib.

Nouvo pwen vaksinasyon yo ap disponib apati 14 jen soti lendi rive vandredi soti nan 8è am a 4è pm nan lokal sa yo:

Comprehensive Health Center
671 NW 119th St, North Miami, FL 33168

Keralty Hospital Miami (Ansyen Westchester General Hospital)
2500 SW 75th Avenue Miami, Florid 33155

Randevou pa obligatwa, men nou rekòmande sa pou w ekonomize tan lè w rive sou plas. Klike la a pou pran yon randevou: https://public.domo.com/cards/jR8l5

Vaksen Pfizer ak Johnson & Johnson ap disponib nan lokal sa yo. Ap ge vaksen ki disponib pou tout moun ki gen 12 ane ak plis, ak minè ki gen laj 12 - 17 ane dwe gen yon paran oswa gadyen legal avèk yo nan moman randevou a.

Konsènan Asosyasyon Medikal Konte Dade
Asosyasyon Medikal Konte Dade (DCMA) se òganizasyon prefere doktè ki ap milite pou pasyan yo ak bon jan kalite ak pratik medsin dirab. Pandan nou ap ankouraje bon jan kalite swen medikal depi 1903, misyon nou se sipòte manm nou yo nan tout aspè nan pratik lamedsin. DCMA sèvi doktè ak pasyan yo nan etabli ak fè pwomosyon nòm etik, edikasyonèl e klinik pou pwofesyon medikal la ak defann prensip ki pi elve pou tout moun, entegrite relasyon pasyan/doktè.