Kontak pou Laprès:
Natalia Jaramillo
[email protected]

Konte Miami-Dade louvri plizyè nouvo sit vaksinasyon ak sit tès kont COVID

MIAMI ( Jiyè 24, 2021 )

Avèk menas nouvo varyan an ki ap grandi - espesyalman varyan Delta a - ak ogmantasyon pozitivite e ospitalizasyon, Konte Miami-Dade ak Nomi Health ap travay di pou elaji disponiblite vaksinasyon ak tès nan tout Konte a pou pwoteje kominote nou an.

Majistra Miami-Dade la, Daniella Levine Cava te di: “Nou enkyete anpil pou nouvo vag ka KOVID sa a nan Miami-Dade. Chif yo trè klè: yon gran majorite moun ki abouti lopital akòz COVID, se moun ki pa vaksinen. Nou ap fè yon apèl a tout moun ki poko vaksinen pou yo ale pran vaksen pi vit ke posib pou pwoteje tèt yo ak moun yo renmen yo. Nou rekòmande tou pou tout moun mete mask nan gran foul moun oswa alantou moun ke yo pa konnen si moun sa yo te pran vaksen, epi fè tès si ou gen sentòm COVID-19 yo. Nou soti twò lwen e nou fè twòp pwogrè pou nou ta fè bak kounye a."

Nouvo vaksinasyon mobil ak lokal tès louvri jodi a: 

HOME DEPOT (DEERWOOD)

11905 SW 152nd Street, Miami, FL 33177

Louvri 7 jou pa semèn, soti 8:00 am - 5:00 pm chak jou 

BAY HARBOR ISLANDS' 95TH ST PARK  

1185 95th St., Bay Harbor Islands, FL 33154

Louvri 7 jou pa semèn, soti 8:00 am - 5:00 pm chak jou 

HAULOVER PARK

13731 Collins Ave, North Miami Beach, FL 33154

Louvri 7 jou pa semèn, soti 8:00 am - 5:00 pm chak jou 

SUNNY ISLES BEACH GOVERNMENT CENTER

18070 Collins Ave., Sunny Isles Beach, FL 33160

Louvri 7 jou pa semèn, soti 8:00 am - 5:00 pm chak jou 

HOME DEPOT (HIALEAH) 

1590 West 49th Street, Hialeah, FL 33012

Louvri 7 jou pa semèn, soti 8:00 am - 5:00 pm chak jou  

Enskri pou vaksinasyon isit la epi enskri pou fè tès isit la. Yo ofri vaksen Pfizer, Moderna ak Johnson & Johnson.