Kontak pou Laprès:
Natalia Jaramillo
[email protected]

Majistra Miami-Dade ankouraje rezidan yo pou yo pran vaksen kont COVID la pandan ospitalizasyon ap ogmante

MIAMI ( Jiyè 30, 2021 )

Jodi a, Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava, te pibliye deklarasyon sa a an repons a yon resan rapò Mezon Blanch ki endike konte Miami-Dade ak Broward devan nèt nan ospitalizasyon COVID nan tout nasyon an.

"Sitiyasyon an ap vin osi difisil ke li te ye ane pase, avèk lopital ki ap ranpli nan tout kapasite yo, sal dijans yo chaje ak moun, epi pousantaj pozitivite a nan de (2) chif. Diferans lan se ke ane sa a nou gen yon solisyon tou pare avèk vaksen kont COVID la.

Nou ap fè tout sa ki nan pouvwa nou pou pwoteje sekirite tout rezidan ak vizitè nou yo pandan nou kontinye asire ke vaksen disponib agogo e nou egzije pou moun mete mask nan tout lokal Konte a. Biznis lokal yo ap fè pati pa yo lè yo ankouraje anplwaye yo pran vaksen epi ki egzije moun mete mask pou pwoteksyon tout moun. Plizyè milyon rezidan Miami-Dade te fè pati pa yo a lè yo te pran vaksen an. Men chif yo trè klè: apeprè nèf sou chak dis pasyan COVID ki nan lopital nou yo se moun ki pat pa vaksinen.

Kounye a, nou mande tout moun ki poko pran vaksen: tanpri fè sa pi vit ke posib pou w pwoteje tèt ou, moun ou renmen yo, ak kominote nou an. Nou rive twò lwen e nou fè twòp sakrifis deja pou nou tounen dèyè kounye a, sitou lè nou gen solisyon an nan men nou.

Ekonomi nou an fèk rekòmanse relanse, li enpòtan pou nou kontinye bati sou pwogrè nou te fè yo. Nou tout dwe fè pati pa nou an pou nou kontwole pwopagasyon an, kenbe moun nou renmen yo an sekirite epi fè kominote nou an vanse."