Kontak pou Laprès:
Natalia Jaramillo
[email protected]

Konte Miami-Dade ap louvri sant Tropical Park pou fè tès COVID-19 24 sou 24

MIAMI ( Dawout 27, 2021 )

Sant Tropical Park pou fè tès COVID-19 la te ogmante orè travay li epi kounye a li louvri 24 sou 24 chak jou pou tès PCR yo. Pou kounye a, Konte a anrejistre 24,000 tès COVID-19 an mwayèn chak jou epi Tropical Park se youn nan sit yo ki gen pi gwo demand la. Nouvo orè a pral ogmante aksè bay plis manm kominote a pandan ane lekòl la, fè li pi pratik pou moun ki gen orètravay ki difisil epi redwi tan atant yo.

“Ogmante aksè nan tès COVID-19 yo esansyèl pou detekte viris la bonèjan sa posib. Mwen fyè deske nou kapab founi sèvis enpòtan sa a 24 sou 24, 7 jou sou 7 bay fanmi Miami-Dade yo, epi mwen rekonesan pou Nomi Health ki aksepte travay san pran souf pou bay kominote nou an sèvis,” se sa Merès Konte Miami-Dade, Daniella Levine Cava deklare. “Nou vle asire nou ke kominote nou an jwenn aksè nan tout zouti yo bezwen pou pwoteje tèt yo ak moun pwòch yo, epi nou ankouraje tout moun pran vaksen an bonè jan sa posib, si ou poko vaksinen, pou ede nou kanpe pwopagasyon (viris) la.”

Nomi Health, operatè ki gen responsabilite sant tè ak vaksinasyon Konte Miami-Dade yo, ap travay pou kounye a ansanm ak sis (6) lòt Eta nan peyi a anplis deske l ap sipòte inivèsite, ayewopò ansanm ak lòt òganizasyon toupatou nan peyi a. Tropical Park se premye sant y ap jere k ap louvri 24 sou 24.

"Lè nou bay kominote a aksè24 sou 24 pou fè tès nan Tropical Park, se yon bagay ki esansyèl nan misyon Nomi pou asire ke tout moun ki bezwen pran yon tès kapab jwenn youn. Nou konprann anpil moun pa kapab kite travay yo oswa lekòl pandan lejounen, kidonk aksè 24 sou 24 sa a pèmèt moun fè tè la san yo pa bezwen sakrifye egzijans orè yo,” Ron Goncalves, Manadjè Jeneral Eta Florida pou Nomi Health te ajoute. “Nou eksite pou sipòte efò Merès la pandan n ap elaji kapasite pou tèste nou an toupatou nan Konte a. Nou kontan tou pou rapòte ke pifò tan datant nan tout sant Konte a atenn 15 minit an mwayèn. Se yon onè pou bay Miami-Dade sèvis pandan ogmantasyon kantite ka yo epi n ap fè tout sa nou kapab pou ede kominote a rete an sekirite."