Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez klarifye ke biznis plàn yo ka rete louvri

Dapre egzijans Lwa USA Patriot la, biznis plàn yo ka rete louvri pandan sèten ijans

MIAMI ( Mas 21, 2020 )

Pou klarifye dekrè egzekitif mwen te siyen semèn pase a sou fèmti biznis yo, biznis plàn yo pa ladan. Yo ka rete louvri pou fè biznis, paske anba lalwa federal, boutik sa yo gen dwa rete louvri pou bay resous finansye esansyèl a moun ki nan bezwen, espesyalman pandan sèten ijans.

Yo deziyen biznis plàn kòm enstitisyon finansye paske yo bay sèvis prete lajan. Plizyè lwa enpòtan reglemante biznis plàn yo, tankou Lwa Patriyòt, Lwa sou Opòtinite Egal pou Kredi, ak Lwa Truth-in-Lending, ak règleman adisyonèl Komisyon Federal Komès (FTC), ki gen ladan Pwoteksyon Enfòmasyon Konsomatè yo ak Done Prive. Lòt ajans federal tankou Biwo Alkòl, Tabak, Zam afe ak Eksplozif (ATF) kontwole biznis plàn ki fè zafè ak zam afe.

Majistra Gimenez ankouraje tout biznis plàn ak kliyan yo pou swiv rekòmandasyon Depatman Lasante Florid ak Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi pou diminye transmisyon COVID-19 la.

Pou jwenn mizajou sou COVID-19 la ak dekrè eta dijans Konte Miami-Dade yo, ale sou miamidade.gov/coronavirus.