Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade la, Carlos A. Gimenez, bay dekrè eta dijans pou fèmen otèl, lòt lojman sof pou pèsonèl esansyèl ak lojman moun ki deplase akoz COVID-19 la

Nouvo dekrè sou lavant bwason alkolize ki baze sou dènye dekrè Gouvènè a, limit adisyonèl sou aktivite kole bato

MIAMI ( Mas 21, 2020 )

Pandan nou ap kontinye konbat viris COVID-19 la, mwen te bay lòd pou tout otèl, motèl ak lokasyon pou vakans tanporè fèmen operasyon yo atravè tout Miami-Dade sof pou lojman pèsonèl esansyèl ak moun ki pa ka retounen lakay yo.

Dekrè eta dijans mwen te siyen maten sa a fèmen etablisman lojman sa yo nan tout Konte Miami-Dade sof nan ka limite pou ede premye sekouris, vizitè oswa rezidan ki deplase, viktim vyolans domestik, manm ekipaj avyon, fanmi pasyan, ak jounalis ki soti lòt kote. Men eksepsyon ki nan dekrè a: nou ankouraje otèl, motèl, ak lòt etablisman lojman komèsyal pou kontinye pèmèt moun ki gen kontra pa semèn ak pa mwa alontèm ki deja sou plas pou kenbe aranjman pou yo kontinye viv la pandan moman kriz la; sa gen ladan, men ki pa limite a: 1) moun ki pa kapab retounen lakay yo akòz enpak COVID-19 la sou vwayaj yo, 2) moun ki dwe kite kay yo akòz sikonstans ki egzije sa, 3) moun ki ap itilize otèl kòm aranjman tranzisyon, oswa 4) moun ki pran abri nan otèl akòz vyolans domestik.

Epitou, lokasyon pou vakans a kout tèm dwe fini lendi 23 mas 2020 an, jiska nouvèl lòd. Pa gen okenn nouvo kontra lokasyon ki dwe fèt pa nwit oswa pa semèn apati lendi. Mwen te siyen tou yon dekrè pou kanpe sou pratik kole bato ansanm pou fete nan mitan lanmè oswa nan Biscayne Bay. Pwopriyetè bato yo ka soti an gwoup ki piti ase pou yo pratike distans sosyal sis pye ant moun ki sou bato yo. Yo pa dwe, sepandan, fè gwoupman ak lòt bato. Se sèlman nan yon sitiyasyon ijan kote yon bato ta bezwen remòke yon lòt bato, yo ka mare ansanm pou retounen nan yon marina oswa yon waf.
Anplis de sa, dapre dekrè Gouvènè Ron DeSantis te pibliye nan dat 20 mas la, biznis ki ap bay vil, Konte, eta oswa gouvènman federal la sèvis kapab kontinye opere.

Pou detay sou dekrè sa yo ak tout enfòmasyon ki konsène COVID-19 la, ale nan miamidade.gov/coronavirus.