Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Carlos A. Gimenez siyen Dekrè Egzekitif pou limite kapasite nan biznis manje yo epi fèmen seksyon manje kote kliyan sèvi tèt yo

Dekrè a ankouraje biznis yo bay dezenfektan ak pèmèt anplwaye itilize ekipman pwoteksyon pèsonèl

MIAMI ( Avril 02, 2020 )

Nan ogmante efò pou ralanti maladi coronavirus la, Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen Dekrè Egzekitif 17-20 an pou biznis esansyèl yo limite kapasite nan zòn yo vann manje, pou ankouraje pwovizyon pwodui asenisman, e pou ankouraje anplwaye yo itilize mask, gan oswa lòt ekipman pwoteksyon pèsonèl.

Dekrè sa a an vigè a 11:59 p.m. nan dat Jedi 2 avril 2020 an.

Pou asire konfòmite avèk kondisyon distans sosyal ke Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi te etabli, tout etablisman esansyèl komèsyal ak vant an detay ki bay manje pou konsomasyon ki pa anbale dwe:

  • limite kapasite a 50 pousan nan zòn kote manje ap vann pandan yo ap kontwole tou antre ak sòti pou rezon konfòmite
  • fèmen tout ba salad ak estasyon manje moun sèvi tèt yo, sof pou manje tou anbale, atik "pran epi ale"
  • pa distribye echantiyon gratis oswa fè degistasyon

Nou ankouraje tout biznis esansyèl yo pou:

  • bay dezenfektan pou men ki gen alkòl pou kliyan ak anplwaye yo sèvi
  • bay ti sèvyèt mouye pou dezenfekte nan pwen kontak yo oswa chwazi anplwaye pou dezenfekte kote moun manyen souvan yo
  • aplike pwosedi pou anplwaye yo netwaye souvan kote moun manyen pandan tout jounen
  • pèmèt anplwaye yo mete mask, gan, oswa lòt ekipman pwoteksyon pèsonèl epi ankouraje yo revize ak konfòme yo avèk direktiv CDC ak Lasante Depatman Florid la.

Dekrè egzekitif sa a pral ede asire sante ak sekirite moun ki gen plis risk pou atrape COVID-19 la, tankou granmoun aje yo ak moun ki  deja gen pwoblèm sante, tankou kè, poumon ak maladi respiratwa, dyabèt ak kansè. Li pral ede tou redwi pwopagasyon viris la apati moun ki pa gen okenn sentòm.

Pou mizajou ki pi resan sou sitiyasyon an, ale nan miamidade.gov/coronavirus.