Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Carlos A. Gimenez siyen klarifikasyon amannman Dekrè Egzekitif ki fèmen sant gadri pou granmoun yo

Anplwaye sant yo kapab kontinye bay sèvis esansyèl andeyò sit tankou livrezon manje lakay, jesyon medikaman pou granmoun aje ki enskri nan Medicaid yo.

MIAMI ( Avril 04, 2020 )

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen yon amannman a Dekrè Egzekitif 16-20 an nan dat Samdi 4 avril 2020 pou klarifye ke anplwaye nan Sant Gadri pou Granmoun ki te resevwa lòd pou fèmen yo ka kontinye bay sèvis esansyèl pou granmoun yo lakay yo.

Sèvis esansyèl sa yo ka gen ladan yo livrezon manje lakay, swen a domisil, jesyon medikaman, swen pèsonèl nan kay, asirans pa telefòn ak lòt sèvis ki baze sou direktiv Ajans Eta pou Administrasyon Swen Sante (AHCA) ak Depatman Zafè Granmoun Aje (DOEA).

Pèsonèl Konte Miami-Dade disponib pou fè nenpòt ki swivi nesesè ak AHCA, DOEA ak rezo lokal moun aje pou regle nenpòt fay potansyèl nan satisfaksyon bezwen rezidan nou yo ki depann de sèvis Gadri pou Granmoun yo.

Granmoun aje ki te konn resevwa sèvis Medicaid nan sant gadri yo ta dwe kontakte manadjè ka ki afekte a yo menm. Founisè oswa moun ki enskri nan Medicaid yo ka kontakte tou Liy Èd Medicaid AHCA a nan 1-877-254-1055 (TDD 1-866-467-4970).

Dekrè Egzekitif sa a ap kontinye aplike nan tout gadri pou granmoun zòn ki pa enkòpore ak enkòpore nan Konte an.

Fèmti sa yo pa aplike pou Enstalasyon Asistans pou moun ki paka itil tèt yo anyen yo jan sa defini nan seksyon 429.02 nan Lwa Florid yo oswa Mezon Swen Enfimye yo jan sa defini nan seksyon 400.021 la.

Dekrè Egzekitif sa a va ede asire sante ak sekirite moun ki gen plis risk pou atrape COVID-19 la, ki gen ladan granmoun aje ak moun ki deja gen pwoblèm sante, tankou kè, poumon ak maladi respiratwa, dyabèt ak kansè.

Pou enfòmasyon ki pi ajou, ale nan miamidade.gov/coronavirus.