Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Carlos A. Gimenez bay yon Dekrè Egzekitif pou rapò de fwa chak jou sou kabann lopital, founiti ak kantite pasyan yo

Pa gen lopital ki pral transmèt enfòmasyon endividyèlman idantifyab sou sante pasyan ki pwoteje pa lwa federal ak lwa eta a.

MIAMI ( Avril 04, 2020 )

Jodi a Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen Dekrè Egzekitif 18-20 ki egzije ke rapò ofisyèl yo dwe depoze de fwa chak jou sou kabann,materyèl ak kantite pasyan nan tout lopital lokal yo. Dekrè sa a an vigè a 11:59 p.m. Samdi 4 avril 2020.

Rapò sa yo ki prale jwenn Konte an dwe gen ladan pwen sa yo:

  • aktyèl envantè kabann ki gen pèsonèl Swen Jeneral (obstetrik, pedyatrik oswa espesyalite / reyabilitasyon pa ladan)
  • aktyèl envantè kabann avèk pèsonèl anplwaye nan Inite Swen Entansif (ICU)
  • kantite total kabann rki pa itilize nan lopital la ki ta ka konvèti kòm kabann Swen Entansif ICU
  • kantite total kabann ki ka konvèti an kabann swen sante jeneral
  • kantite total vantilatè ki disponib pou deplwaman imedya
  • kantite total vantilatè ki ap tann
  • kantite total respiratè ak/oswa machin anestezi ki ka konvèti pou sèvi kòm vantilatè
  • total pasyan COVID-19 yo admèt
  • pasyan OVID-19 pozitif nan kabann ICU
  • pasyan COVID-19 pozitif nan kabann ki pa nan swen entansif ICU
  • pasyan COVID-19 kounye a sou yon vantilatè
  • pasyan nouvo COVID-19 yo admèt depi rapò jou anvan an
  • pasyan COVID-19 egzeyate depi rapò jou anvan an

Lopital yo responsab pou bay enfòmasyon pi wo a sèlman an rapò ak kanpis fizik yo.

Pa gen lopital ki pral transmèt enfòmasyon endividyèlman idantifyab sou sante pasyan ki pwoteje pa lwa federal ak lwa eta a.

Si yon lopital kwè ke tout oswa kèk nan enfòmasyon sa a se sekrè komèsyal, jan sa defini nan Lwa Florid yo, lopital la dwe ekspreseman endike sa lè li ap transmèt enfòmasyon sa a.

Dekrè sa a va ede Konte an deplwaye resous limite pandan pandemi COVID-19 la.

Pou enfòmasyon ki pi ajou, ale nan miamidade.gov/coronavirus.