Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Carlos A. Gimenez modifye Dekrè Egzekitif 14-20 pou limite sèvis enspeksyon kòd Konstriksyon an

Konte Miami-Dade adopte pwosedi dijans modifye, tankou enspeksyon vityèl

MIAMI ( Avril 09, 2020 )

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen yon amannman a Dekrè Egzekitif 14-20 an Jedi 9 avril 2020, ki di ke anplwaye Konte yo pap bay sèvis enspeksyon kòd Konstriksyon a piblik la sof si li selon dispozisyon ki nan dekrè sa a.

Pou pèmèt kontinyasyon konstriksyon an rete an akò avèk sante, sekirite ak byennèt piblik, epi an konsiltasyon avèk ofisyèl konstriksyon Konte Miami-Dade la, Konte a ap adopte pwosedi modifye dijans, ki an pyès atache ak dekrè sa a kòm Dokiman 1.

Dapre amannman sa a, kondisyon Kòd Konstriksyon yo kapab satisfè nan twa fason diferan sa yo:

achitèk, enjenyè ak laboratwa akredite fè enspeksyon yo ("Pwofesyonèl Enspeksyon ki kalifye")
enspektè Konte yo fè enspeksyon vityèl a distans nan fason ki endike nan amannman sa a
pèsonèl nan Konte an pèsòn ki fè enspeksyon yo ("enspeksyon sou-plas")

Enspeksyon sa yo va fèt nan fason an epi sou rezèv pwosedi ak limit ki tabli nan Amannman 1 an. Kèk enspeksyon oblije fèt sou plas.

Pou enfòmasyon ki pi resan, ale nan miamidade.gov/coronavirus.