Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez siyen Dekrè Egzekitif ki egzije rapò COVID-19 pou tout etablisman sante rezidansyèl

Rapò yo dwe depoze si Konte an mande sa.

MIAMI ( Me 07, 2020 )

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen Dekrè Egzekitif 22-20 nan mèkredi 6 me 2020 pou òdone tout etablisman swen sante rezidansyèl nan zòn ki pa enkòpore ak zòn enkòpore nan Konte Miami-Dade pou bay rapò detay sou sitiyasyon COVID-19 nan etablisman yo, si Konte an mande sa. Dekrè Egzekitif sa a te antre an vigè imedyatman nan dat 6 me.

Enfòmasyon sa a gen ladan sa ki annapre yo:

  • Konbyen pasyan ki pozitif avèk COVID-19 ki aktyèlman ap viv nan etablisman an
  • Konbyen anplwaye ki pozitif avèk COVID-19 ki ap travay nan etablisman an, epi dat chak anplwaye sa yo te nan etablisman an pou dènye fwa
  • total rezidan kounye a ki entène lopital akòz COVID-19 la
  • Kantite total moun ki mouri akòz COVID-19 la, si genyen, pami ansyen rezidan etablisman an.

Lè yo ap kreye premye rapò yo, etablisman yo dwe rapòte:

  • Kantite ka pozitif COVID-19 pami pasyan etablisman an gen jiska dat
  • Kantite pasyan ki mouri pasyan akoz COVID19 la jiska dat
  • Kantite ka pozitif COVID-19 pami pèsonèl a jiska dat.

Etablisman swen sante rezidansyèl yo gen ladan yo:

  • Etablisman pou moun ki paka itil tèt yo anyen
  • Mezon swen enfimye
  • Mezon swen pou granmoun an fanmi
  • Etablisman swen entèmedyè
  • Etablisman swen a domisil
  • Etablisman tranzisyonèl

Pou li detay Dekrè Egzekitif 22-20, klike isit.

Pou lòt mizajou sou COVID-19 la, gade miamidade.gov/coronavirus.